Karen Bass prete sèman kòm majistra dimanch 11 desanm 2022 a nan lokal teyat Microsoft. Li se premye fanm epi dezyèm moun nwa vil Los Angeles konnen kòm majistra.
Se premye minis Kamala Harris ki asèmante Bass. Ansyen senatè Californie a, se premye fanm ki rive premye minis nan États-Unis tou. Li bay Karen Bass benediksyon li nan gran okazyon sila.
« Mwen ak nou fè listwa jodi a, e se yon kokennchenn moman nan lavi mwen e pou vil Los Angeles tou », selon Karen Bass, nan diskou li.
Pou poze priyorite li, Bass evoke kèk pwoblèm majè : pandemi an, evolisyon ekonomi la ki fèt rapid, evolisyon klima a ki fèt rapid tou, koze lavi chè a, epi ka 40 000 moun k ap dòmi nan lari yo.
« Nou dwe konstwi lojman nan chak katye », se ak fraz sa Bass montre jan ka moun ki san abri yo se yon maleng pou Los Angeles, se pou sa li te tou anonse l ap dekrete eta ijans pou koze sa. Li gen lòt priyorite ankò, tankou konbat kriminalite nan mete plis ajan disponib epi pèmèt popilasyon an pi byen enfòme fòs lòd yo.
Plizyè pèsonalite, swa politisyen nan pati demokrat la, swa atis ki te vin mete anbyans, te afime yo pase yon bon moman nan asèmantasyon Karen Bass la. Youn nan yo, Amanda Gorman, ki se powetès te resite yon bèl powèm nan okazyon sila :
« […] kote ki gen lavolonte se kote ki gen fanm. E kote ki gen fanm, toujou gen yon mwayen »
You may also like
-
Sheynnis Palacios ne peut plus rentrer au Nicaragua
-
Gold Cup féminine 2024 : l’arbitre du match Haïti-Costa Rica fortement critiquée
-
Le cancer de Shannen Doherty s’est propagé à ses os
-
« Je ne vais pas bien aujourd’hui », a confié Serena Williams
-
Jennifer Lopez annonce la sortie de son prochain album