google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
190419174906 08 marianne williamson restricted
© %author%

Etats-Unis : Marianne Williamson, premye kandida demokrat pou eleksyon 2024 yo

Marianne Williamson se premye kandida ofisyèl nan pati demokrat la pou eleksyon prezidansyèl 2024 yo. Fanm 70 lane a anonse kandidati li wikenn pase a, pandan Joe Biden, aktyèl prezidan peyi a, pako lanse li ofisyèlman nan kous la.

« Travay nou se kreye yon vizyon lajistis ak lanmou k ap tèlman fò, k ap depase tout fòs rayiman, enjistis ak perèz yo », selon Marianne, ki t ap anonse kandidati li nan vil Washington devan plis pase 600 moun.

« Mwen te deja kandida pou prezidan, mwen pa nayiv, mwen konnen gen fòs ki ka vle anpeche m pale jis paske mwen pa pote pwogram yo te swete a », selon kandida a.

Marianne soti nan Eta Texas, jodi a l ap viv Beverly Hills nan Californie. Li ekri plis pase 12 liv nan karyè li deja. An 2020, Marianne te vin ak yon ministè lapè ak serenite, kote li te mande pou gouvènman federal la dedomaje ameriken nwa yo ak gwo lajan akoz esklavaj ak diskriminasyon yo te sibi nan syèk pase yo.

Marianne se ansyen konseye espirityèl pou animatris televizyon Oprah Winfrey. Depi apre piblikasyon liv « un retour à l’amour » la an 1992, li te konn souvan vini sou plato animatris la pou bay konsèy sou devlopman pèsonèl.

Marianne grandi nan yon fanmi ki gen twa pitit. Papa li se te avoka ki te konn travay sou dosye imigrasyon, epi maman li se te yon fanm nan fwaye, ki te konn angaje li nan asosiyasyon. Marianne te fonde Protect Angel Food an 1989, yon asosiyasyon ki konn pote manje bay moun ki gen sida.

Fwa sa, Marianne pote kandidati li an premye nan pati demokrat la, nan yon moman kite Joe Biden te di li gen entansyon vin kandida ankò, men li pako anonse kandidati li ofisyèlman. Marianne fè premye pa a nan pati demokrat yo, rete pou li kontinye pote pwogram politik li tout kote, pou li reyalize rèv li.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *