Fanm ki gen plis laj nan palman ameriken an, Dianne Feinstein, anonse li kite zafè politik jodi madi 14 fevriye 2023 a. Aktyèl senatè Eta Californie an pase 30 lane nan politik ameriken an. Ane sa, a 89 lane, san li pa tann manda li fini, demokrat la mete yon bout nan karyè politik li.
« Mwen pwofite anonse mwen p ap kandida ankò pou eleksyon 2024 yo, mem mwen toujou gen entansyon fè tout sa mwen ka fè pou Californie jiska fen ane k ap vini an », selon dwayen palman ameriken an, Dianne Feinstein.
Prezidan Joe Biden pale de senatè a tankou yon moun ki gen anpil bon kalite lakay li. Anplis, prezidan an pale de gwo wòl Dianne jwe kòm youn nan premye fanm ki fè chimen pou lòt fanm yo nan politik ameriken an.
« Souvan, se sèl li ki fanm nan espas reyinyon yo, epi li ki pi detèmine pou pouse Amerik la monte pi wo », selon Biden, ki prezante Dianne Feinstein kòm yon zanmi, yon moun entèlijan ak anpatik.
N ap note, youn nan pwen ki pa jwe nan avantaj senatè Dianne, se ta pwoblèm memwa li ta genyen akòz laj li. Dayè kèk asistan li te konfime sa nan jounal New Yorker an 2020. Anplis, nou te rive konstate twou memwa li yo gran jounen : pandan sena a t ap tande ansyen patwon Twitter a, Jack Dorsey, senatè Dianne te poze yon menm kesyon po pou po, pandan de fwa, youn dèyè lòt.
Nan travay li kòm politisyen ameriken, Dianne Feinstein se yon modèl pou jenerasyon apre li yo. Dayè, pandan l ap kite sena a la, li raple senatè parèy li yo « menm si kongrè a divize, nou kapab vote kèk lwa k ap amelyore lavi popilasyon an chak jou ki jou, [paske] yo voye chak youn nan nou vini la pou nou pote solisyon ».
You may also like
-
Kerry Washington révèle avoir eu recours à un avortement sous une fausse identité pour protéger sa carrière
-
Violences faites aux femmes en France : le budget est nettement insuffisant
-
L’Ethiopienne Tigst Assefa remporte le marathon de Berlin et écrase le record du monde
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes