Fanm politik ak kansewològ Véronique Trillet-Lenoir pèdi lavi li 9 daout 2023 akoz maladi li t ap sipòte ak kouraj selon politisyen Stéphane Séjourné. Defen an te genyen 66 lane. Antank moun ki fè karyè nan koze swen sante, depite Ewopeyen an te sousye pou sante fransè yo ak Ewopeyen yo. Apre li fin rantre nan politik an 2015, fanm nan te tanmen nan yon veritab batay sou koze swen sante sa a.
Plizyè pèsonalite politik, pami yo, fanm politik epi premye minis franse, Elisabeth Borne, salye memwa fanm vanyan sa sou rezo sosyal Twitter (ki pote non X kounye a). Dayè, youn nan premye moun ki anonse lanmò depite a, se politisyen Stéphane Séjourné, prezidan gwoup politik « Renew », ki di li pa jwenn mo pou eksprime emosyon ak lapèn li apre lanmò « modèl entegrite » sila.
Véronique Trillet-Lenoir te syeje nan vil Bruxelles, li te seyje tou nan vil Strasbourg, nan komisyon anviwónman, sante piblik ak sekirite alimantè. Lòt politisyen y opa neglije mete mounite Veronique devan lè y ap pale de li.
N ap note, se apre yon long karyè nan pratik lamedsin ak nan inivèsite, kansewològ la te deside rantre nan lavi politik, an 2015.
You may also like
-
L’Américaine Amy Pope, première femme à la tête de l’OIM
-
La tournée de Beyoncé, la plus lucrative de l’histoire pour une chanteuse
-
Senatè demokrat ameriken Dianne Feinstein mouri
-
Kerry Washington révèle avoir eu recours à un avortement sous une fausse identité pour protéger sa carrière
-
Violences faites aux femmes en France : le budget est nettement insuffisant