google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
gisele halimi
© %author%

France : Eske Gisèle Halimi ap antre nan panteyon nasyonal la ?

Nan okazyon jounen mondyal kont vyolans sou fanm, Depite ki nan majorite a mande Prezidan fransè a Emmanuel macron, pou li ajoute non Gisèle Halimi kòm 7èm fanm nan panteyon an. Yon lide egzekitif la pa t karese, paske li estime ansyen avoka ak ansyen depite Gisèle Halimi te gen twòp dan kont peyi Algérie.

Se 76 depite antou, ki soti nan twa gwoup patizan majorite prezidansyèl la nan palman franse a, ki pwopoze pou ajoute non ansyen depite a nan panteyon an kòm 7èm fanm. Desizyon pou fè pwopozisyon sa rive nan landemen yon vòt palman an pran pou ajoute dwa pou fè avòtman nan konstitisyon fransè a.

« Gen twòp peyi k ap bafwe dwa fanm chak jou pi plis nan yon kesyon tradisyon, sa ki bare je pèp yo », se sa depite Sophie Panonacle ak 75 lòt kòlèg siyen voye bay Emmanuel Macron nan yon lèt.

« Gisèle Halimi se yon moun nou dwe anpil. Se yon gwo avoka, yon militan pou dwa fanm, yon ansyen depite. Li se yon moun ki pa t tolere enjistis. Li te bay tout lavi li nan defann pòv yo, sa ki pi mal yo, e fanm yo ». Se konsa depite yo soutni pwopozisyon yo a bò kote prezidan fransè a.

Se pa premye fwa pwopozisyon sila fèt. 27 jen 2022 a, depite Olivier Fauve te deja mande Macron ajoute Gisèle Halimi nan panteyon yo. Demand sa te vini nan moman lakou siprèm nan peyi États-Unis te kanpe sou desizyon pou aksepte tout fanm fè avòtman sou tèritwa yo a. Poutan, Emmanuel Macron ak estaf li pako ka deside, paske yo estime Gisèle Halimi te pran move pozisyon antank militan, pa rapò ak lagè ki te gen nan peyi Algérie ant 1954 ak 1962.

N ap raple, pou koulye a genyen 6 fanm nan panteyon an an France. Genyen Sophie Berthelot, premye fanm ki rantre nan panteyon an. Li te rive rantre gras ak mari li, chimis Marcellin Berthelot, ki te di menm nan lanmò yo pa dwe separe li de madanm li. Genyen Marie-Curie, premye fanm ki rive nan panteyon an gras ak travay li kòm syantifik. Apre nou jwenn Germaine Tillion, Geneviève de Gaulle-Anthonioz, Simone Veil epi Joséphine Baker ki rantre an 2021 an.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *