Ansyen kandida pou prezidan Marine Le Pen ale nan peyi Sénégal 16 janvye 2023 a, li ap pase twa jou laba a pandan l ap jere imaj politik li sou sèn entènasyonal la.
Se yon vwayaj lidè pati Rasanbleman Nasyonal la t ap planifye an sekrè ak estaf li. Si nou konnen Marine Le Pen pral rankontre plizyè pèsonalite politik nan Sénégal, nou pako konnen si l ap rankontre Macky Sall tou, ki se chèf Leta senegalè a.
Marine Le Pen pral plede pou yon pi bon rapò ant peyi devlope yo ak peyi sou-devlope yo. Ankò, Marine pral plede pou Sénégal jwenn yon plas pèmanan nan konsèy sekirite nasyonzini an, yon konsèy ki konn resevwa Sénégal kòm manm non-pèmanan.
Kalandriye vizit sa te tabli lontan, paske peryòd vizit la kowenside ak dat 19 janvye a, yon dat kote anpil militan opozisyon, tankou pati Rasanbleman Nasyonal la, kase randevou pou al manifeste kont pwojè refòm sou koze retrèt la. Marine Le Pen ap swiv manifestasyon yo anliy, pandan li Sénégal.
You may also like
-
Sheynnis Palacios ne peut plus rentrer au Nicaragua
-
Gold Cup féminine 2024 : l’arbitre du match Haïti-Costa Rica fortement critiquée
-
Le cancer de Shannen Doherty s’est propagé à ses os
-
« Je ne vais pas bien aujourd’hui », a confié Serena Williams
-
Jennifer Lopez annonce la sortie de son prochain album