google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
plas ak wol fanm yo nan gouvenman Ariel Henry a 1 1
© %author%

Haïti : plas ak wòl fanm yo nan gouvènman Ariel Henry a

Patisipasyon fanm nan yon gouvènman se yon aspè enpòtan ki ede mezire nan ki nivo fanm, an jeneral, gen valè pou gouvènman sila. An Haïti, patisipasyon fanm nan lavi politik la gen yon listwa ki te kanpe nan wout : yon lis non fanm vanyan rive jwenn nou kòm moun ki te patisipe nan « Mourir est beau » a pandan lagè endepandans lan, poutan, nou pèdi tras yo nan « bêchons joyeux » a.

Se an 1926 nou vin rejwenn yon tras nan mouvman medam yo gras ak lig entènasyonal fanm k ap goumen pou lapè yo. Depi lò, gwo jefò fèt pou ba yo plas yo nan sosyete a. Jefò sa yo pral abouti ak Ertha Pascale Trouillot, kòm premye fanm ki rive prezidan (pwovizwa) peyi a, Claudette Werleigh ak Michèle Duvivier Pierre-Louis, ki te rive premye minis, e menm kreyasyon ministè kondisyon fanm ak dwa fanm nan. Yon pakou k ap kontinye chak jou pi plis, e ki mennen plizyè fanm nan aktyèl gouvènman peyi a. Nou prezante ou pwofil, responsabilite ak bilan patisipasyon kèk pami yo.

Nan tèt ministè ayisyen k ap viv nan peyi etranje yo, nou jwenn jèn fanm sa, ki rele Judith Nazareth Auguste. Nan dènye jou yo, nou sonje desizyon li te pran, ak gouvènman li a, pou mete kèk mwayen an plas pou kowopere ak lòt peyi nan sousi pou ede prizonye ayisyen ki dèyè bawo etranje yo. Se nan kad travay sa, nasyon an vin raple li 80% prizonye etranje ki nan lakou République Dominicaine, se ayisyen. N ap raple, misyon minis Judith, se konsolide lyen ant Haïti ak dyaspora ayisyen an, sitou ak enpak migrasyon ayisyen yo nan lòt peyi yo, se devwa ministè ayisyen k ap viv nan peyi etranje yo pou pwoteje enterè ayisyen sila yo epi defann dwa yo. Se dekrè 14 mas 2004 la ki bay ministè a misyon sila a.

Ministè touris la gen yon fanm nan tèt li tou, se Luz Kurta Cassandra Francois. Yon ministè ki gen misyon pou bay aktivite touristik yo jarèt nan tout rakwen nan peyi a. Ankouraje deba yo sou koze touris la, se youn nan wòl ministè sila tou, se pou sa minis la abitye ankouraje gwo deba sou touris, sitou nan okazyon 27 septanm chak ane, ki se dat jounen mondyal touris. « Touris ak relèvman rejyonal », « Vye konsekans katastwòf natirèl yo genyen sou aktivite touristik yo an Haïti », se kèk pami sijè minis la te ankouraje jèn yo ak manm sosyete a debat nan jounen 27 septanm 2021 an, pou jounen mondyal la.

Ministè kondisyon fanm ak dwa fanm sou kontwòl Sofia Loréus. Rekonpanse an 2022 pou lidèchip li nan konbat an favè fanm, Sofia Loréus se yon fanm ki montre anpil foug nan travay li. Youn nan gwo pwojè li t ap kajole, e ki te wè jou nan menm lane 2022 a, se dispozisyon nimewo ijans 8919 la, pou tout fanm ki ta viktim vyolans an Haïti ak pou tout moun ki vle denonse yon zak vyolans sou fanm. Yon travay enpòtan, paske lè nou kosidere plizyè ka vyolans sou fanm ki rive nan zòrèy piblik la, nou gentan imajine kantite ka ki rive an kachèt kote bouwo yo mete baboukèt nan bouch viktim yo. Bon kondisyon pou fanm yo epi respè dwa yo, se priyorite ministè sila.

Ministè jenès, espò ak aksyon sivik gen pou titilè Raymonde Rival Auguste, ki te depite nan 47èm lejislati ayisyen an pou sikonskripsyon Cornillon-Grand Bois. Se pou twazyèm fwa yon fanm rive pran tèt ministè sila, apre Magalie Racine ak Régine Lamur. Anpil goumen fèt pou leve figi espò a an Haïti. Soti nan foutbòl, pase nan baskètbòl ak volebòl, rive nan natasyon ak atizay masyal yo, anpil espò montre nou gen bon atlèt an Haïti, ki, ak plis ankadreman, ta kapab ede peyi a anpil. Misyon ministè sila, se travay nan sans lan, pou ede espò a avanse ak tout jenès la, e pou ede pi bon ak pi gwo aksyon sivik pou jèn yo.

Emmelie Prophète-Milcé, se yon ekriven ayisyen ki bay nanm li pou peyi a vanse. Apre li te fin aksepte pòtfèy ministè kilti ak kominikasyon, li dakò ajoute pòtfèy ministè jistis ak sekirite piblik la sou do li tou, epi li anonse li pral travay pou diminye ka detansyon prevantiv pwolonje yo, yon ka ki ap gangrennen lajistis ayisyen an jouk nan zo.

Ankouraje patisipasyon fanm nan lavi politk yon peyi, se enkli tout kouch sosyete a pou yon demen miyò. Sitou nan yon peyi tankou Haïti, kote majorite popilasyon an jèn epi anpil pami jèn sa yo se fanm. Edike ak enplike jèn gason tankou jèn fanm pou yo respekte dwa moun an jeneral, se yon devwa chak sosyete dwe akonpli pou mond lan kapab avanse sou pi bon chimen an, paske 5èm objektif devlopman dirab pou orizon 2030 la, se egalize ant sèks yo, yon objektif ki p ap ka atenn san fanm yo.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *