Se samdi 22 oktòb 2022 a Giorgia Meloni prete sèman, li se premye minis nan peyi Italie kounye a. Li deja monte gouvènman li, e se gouvènman ki gen plis politisyen « de droite » ladan li depi 1946. Nan dimanch 23 oktòb, se te pasasyon pouvwa ki te fèt.
Seremoni pou li te prete sèman an te fèt devan Sergio Mattarella, Prezidan repiblik la, nan palè a.
yon palè ki nan mitan vil Rome nan, yon palè kite sèvi kòm rezidans kèk Pap ak wa an Italie. Ak yon wòb nwa sonm sou li, Giorgia te prete sèman an premye, epi de (2) vis-premye minis yo
prete sèman apre li.
Ansyen premye minis la, Mario Draghi pase pouvwa li bay nouvo a, Giorgia Meloni nan jounen dimanch 23 oktòb la, a dizè edmi nan maten, nan syèj gouvènman an, nan palè Chigi a. Imedyatman apre, se te premye konsèy minis Giorgia.
Nan pasasyon pouvwa sa, pwotokòl la mande pou ansyen premye minis la bay nouvo a yon ti klòch. Se ti klòch sa Giorgia pral itilize nan konsèy minis yo pou jere deba ki pral fèt ak tout
minis nan peyi Italie yo.
You may also like
-
Kerry Washington révèle avoir eu recours à un avortement sous une fausse identité pour protéger sa carrière
-
Violences faites aux femmes en France : le budget est nettement insuffisant
-
L’Ethiopienne Tigst Assefa remporte le marathon de Berlin et écrase le record du monde
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes