Eleksyon primè pou kan aktyèl prezidan an sou wout pou fini 6 septanm 2023, yon fason pou prepare eleksyon mwa jen 2024 yo. Nan sans sa, Mexique gen anpil chans pou se de (2) kandida fanm ki al afwonte pou majistrati siprèm peyi sila. Se kapab ansyen majistra vil Mexico a, Claudia Sheinbaun ki al fè fas kare ak senatè Xochitl Galvez. Si tèren politik la rete konsa, se t ap yon gwo pa nan avansman sou koze jan yo, nan yon peyi kote chak jou, gen 10 fanm ki mouri asasinen, souvan paske yo se fanm.
Nan dènye lane sa yo, anpil fanm tannen leve kanpe pou revandike dwa yo kòm moun epi kòm fanm, tout sa pou yo wè si ta va gen yon fren nan gwo vag vyolans ki konn fèt kont fanm meksiken yo. Aktyèl gouvènman ki gen nan tèt li prezidan Andrés Manuel Lopez Obrador la sibi anpil kritik bò kote fanm ak gason sa yo, ki remake gouvènman li a pa fè anyen menm pou kanpe anfas vyolans sou fanm k ap fèt nan peyi Mexique yo.
Ak eleksyon ki pral fèt an jen 2024 yo, Mexique ka konnen premye fanm prezidan nan listwa li, se pou sa, feminis yo pran bonè, paske yo remake kandida fanm yo manke fè pwomès politik pou koz fanm yo. Gabriella Pablos, yon aktivis feminis, mete ak plizyè dizèn kolektif feminis pou soutni yon ajanda feminis ki gen plizyè tèm ak pwopozisyon ladan yo, e medam yo gentan fè ajanda sa rive jwenn toude (2) kandida fanm yo, yon fason pou yo ranje kabann yo avan dòmi nan zye yo.
« Sa nou vle, se pou tout moun ki pral nan kous elektoral la, chita ak nou epi siyen ajanda sa. Men kite nou di, jouk jounen jodi a, pako gen okenn kandida ki, ni tande nou, ni siyen ajanda nou an. Sa p ap sèvi nou anyen si yon fanm fòse plafon an epi rive nan tèt peyi a san li reprezante enterè fanm yo vre. Se vre nou espere youn nan medam kandida yo vin prezidan, men nou plis vle toujou, pou sila ki pete plafon an pran gwo angajman pou gen yon veritab chanjman sou ka medam yo », selon aktivis politik Gabriella Pablos.
You may also like
-
Kerry Washington révèle avoir eu recours à un avortement sous une fausse identité pour protéger sa carrière
-
Violences faites aux femmes en France : le budget est nettement insuffisant
-
L’Ethiopienne Tigst Assefa remporte le marathon de Berlin et écrase le record du monde
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes