Lendi 2 janvye 2023 a, Norma Lucía Piña Hernández pran tèt pi gwo jiridiksyon peyi li, ak 6 vòt an favè li, sou 11 jij nan lakou a ki te vote. Li se premye fanm ki rive jwe wòl prezidan nan lakou siprèm meksiken an. Depi 2015, Norma Lucía Piña syeje nan lakou siprèm meksiken an, e ane sa, li kòmanse prezide lakou a.
« Mwen santi mwen jwenn akonpayman, soutyen ak lebra nan men tout fanm e nan men chak fanm. Mwen santi mwen fò paske mwen konnen se nou tout ki la, e se premye fwa nou nan mitan lakou a konsa. Nou demontre e nou pwouve tèt nou nou kapab fè l » selon Norma Lucía Piña, ki pale nan non tout fanm li reprezante yo, pandan l ap fè diskou pou li pran fonksyon.
Depi apre nominasyon li, an 2015, Norma Lucía Piña angaje li anfavè dwa fanm, e avan sa, li te konn toujou defann dwa pou fanm avòte. Nan diskou li a, li pale de sila yo « ki pa la ankò », yon fason pou li sansibilize sosyete a epi raple gen plizyè fanm ki viktim vyolans jis paske yo se fanm, e ki rive mouri. Koze vyolans sou fanm, se yon flewo nan peyi Mexique.
N ap raple, selon Amnesty International, 11 fanm mouri chak jou nan peyi Mexique, e lè yo pa jwenn jistis konsa, se yon dezyèm krim Leta meksiken komèt sou yo. Souvan, ankèt lajistis yo pa abouti a anyen. Menm òganizasyon an soutni gen 97% feminisid nan peyi Mexique ki pa t janm rive eklèsi. Ak yon fanm nan tèt lakou siprèm nan, fanm meksiken yo sou wout pou yo wè yon nouvo van soufle.
You may also like
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes
-
En cas de crise cardiaque en public, les femmes ont moins de chance d’être sauvées que les hommes
-
Affaire du baiser forcé : des dirigeants de la fédération espagnole prêts à porter plainte contre les joueuses ?
-
FIFA The Best : des femmes sont aussi nominées