google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
Marie Kistcha OBAS
© %author%

Mutchi Obas, yon fanm k ap goumen ak fòs pou li fè fyète Haïti

Marie Kistcha Mutchi Obas, se pitit de (2) sitwayen kapwa ki te enplike yo anpil nan lavi politik ak sosyal peyi a. Sikològ-antreprenè a deside swiv tras paran li yo, pandan li ajoute touch pa li pou amelyore kalte akonpayman li pote bay popilasyon an. Youn nan bagay li kwè ladan, se fòmasyon, paske, selon li, konstwi Haïti, se konstwi chak grenn ayisyen, se konvenk yo pran responsabilite sitwayen yo. Nan pakou li pou ede sosyete li, li voye yon kout je espesyal sou kòz fanm yo. Aktivis feminis la kwè nan akonpayman ak swivi, lè li enplante yo pwojè epi
sitwayen yo fè swivi, sa fè li plezi anpil. Òganizasyon Zantray Fanm Kreyòl se youn nan fwi travay li. Redaksyon an pèmèt ou dekouvri chita pale Marie Kistcha Mutchi Obas te akòde li.

Dofen News : Kisa Zantray Fanm Kreyòl ye ?

Marie Kistcha Mutchi Obas : Zantray Fanm Kreyòl se yon òganizasyon feminis k ap batay pou epanouyisman konplè fanm ayisyen yo. Li fonde 6 avril 2020. Òganizasyon Zantray Fanm
kreyòl ap travay kounye a pou kwape inegalite sosyal yo epi asire li tout vye lwa ki bay diskriminasyon sou fanm yo jarèt kapab elimine. Anplis, li vle pou Leta ayisyen aplike tout
konvansyon ak trete entènasyonal li ratifye, sitou sila ki ale nan sans pwoteksyon, pwomosyon
ak respè dwa moun. Pa egzanp, konvansyon BELÉM DO PARA (yon konvansyon entè-ameriken pou prevansyon, sanksyon ak eliminasyon vyolans kont fanm). Si nou vle konstwi
Haïti, nou dwe fè li tounen yon sosyetè egalitè ki chita sou Leta de dwa.

D.N : Kijan Zantray Fanm Kreyòl wè fanm ayisyen yo pa rapò ak politik peyi a ?

M.K.M.O : Nan Zantray Fanm Kreyòl, nou kwè fanm yo dwe enplike byen fon nan politik peyi a. Dayè, depi nan batay pou peyi a te vin endepandan, fanm yo te montre kapasite yo. Pa gen anyen ki ka fèt san fanm yo. Pou nou atenn objektif devlopman dirab yo, nou dwe fè sa ki rele « enklizyon », paske enklizyon se baz la, e l ap mennen lòt konpayèl tankou : amonizasyon, tèt
ansanm, viv ansanm, respè valè yo… Se pou sa nan Zantray Fanm Kreyòl nou fè fòmasyon pou plizyè sektè, espesyalman sektè vodou a, dayè mwen menm, mwen se voudouyizan. Nou dakò
vodou a se yon pilye ki anrasinen nou ak zansèt nou yo, se pou sa nou akonpànye moun yo nan
sans sa.

D.N : Ki diferan modèl akonpayman konsa nou pote pou sektè nou ede yo nan Zantray Fanm Kreyòl, kòman akonpayman sa yo manifeste ?

M.K.M.O : Aktyèlman nou ofri yon api sikolojik pou moun ki viktim vyolans. Nenpòt moun nan. Kounye a tou, n ap Mennen yon konba kont atik 262 kòd penal aktyèl la, yon atik ki pa bay dwa pou moun avòte, sa se yon vyolasyon grav dwa moun. Gade jodi a, anpil ka vyòl pwovoke anpil gwosès ki pa t dezire, e ki menm prematire, yo koze maryaj fòse, e menm lanmò. Moun ki ka fè pitit yo gen dwa ak sante seksyèl ak repwodiksyon, se moun nan li menm ki dwe kapab deside si l ap fè pitit oubyen si li p ap fè pitit. Legal, sekirize ak gratis, se twa karakteristik Zantray Fanm kreyòl swete pou avòtman an genyen, paske anpil fanm mouri nan fè avòtman ankachèt, e tabou sante seksyèl ak repwodiksyon yo tèlman anpil, fanm yo konn pè ale kay jinekològ, pou sosyete a pa mete vye dosye sou yo. Sosyete a dwe konprann fanm yo gen dwa pou jere sante seksyèl yo, se pou sa nou mache fòme diferan sektè nan lavi nasyonal la. Grenn fanm ki jere sante seksyèl yo kay doktè yo, se anpil lajan yo depanse, poutan, tout fanm dwe gen dwa pou yo jwenn bonjan swen sante san grate tèt. Non sèlman nou fòme yo, men nou
ankouraje fanm yo fòme tèt yo tou, pou yo kapab otonòm nan depanse pwòp lajan yo, pou se pa bouwo yo k ap depanse pou yo.

D.N : Kisaw panse de kriz Haïti a viv jodi a ?

M.K.M.O : Depi byen lontan, move gouvènans Leta peyi a lakòz tout enstitisyon yo efondre. Rezilta dezas sa vin ateri sou do popilasyon an, ki pa ka jwenn bezwen primè Leta dwe li yo.
Pandanstan, sosyete a plonje nan vyolasyon dwa moun, sitou dwa fanm yo. Anplis lamizè, koripsyon ap yaya kò yo sou popilasyon an pandan enpinite fè move zè panse yo se mèt e seyè.

D.N : Kisa ou tap pwopoze, ki ta ka ede Haïti soti nan kriz sa ?

M.K.M.O : Kriz sa afekte tout Ayisyen, nou sipoze itilize lespri zansèt nou yo kòm bousòl pou nou fè yon depasman pèsonèl k ap pèmèt nou jwenn yon gwo akò politik ant tout sektè nan lavi nasyonal la. Konsa, n ava konstwi yon Leta fò ak transparan. Pou plis detay, nou dwe :
-Defini yon ansanm mekanis ak estrateji politik pou kwape tout ensekirite ak inegalite sosyetal yo, sa k ap pèmèt nou jwenn yon estabilite k ape de nou renouvle pèsonèl politik yo ;
-Kreye bonjan pwogam sosyal, edikatif, kiltirèl, sanitè ak anviwònmantal, k ap reponn ak bezwen popilasyon an ;
-Elimine pil ak pakèt privilèj diyitè Leta yo epi pèmèt kòb sa yo sèvi nan kad bezwen
popilasyon an.

Dwe genyen, pou pi piti, senkant pousan (50%) fanm nan tout negosyasyon yo epi nan gouvènans peyi a tou. San fanm yo, nou pa ka pale de solisyone kriz la paske egalite sèks se baz devlòpman dirab tout sosyete.

D.N : Nan politik, kijan fanm kapab pote solisyon dirab epi fè tande vwa yo?

M.K.M.O : Soti nan esklavaj, pase nan batay pou lendepandans Haïti, jouk rive jodi a, nou menm fanm, nou pa janm sispann batay. Malgre tout vyolans n ap sibi, nou fè pwopozisyon
epi nou enplike nou nan inisyativ pou n pote solisyon devan kriz peyi nou ap sibi. Nou se motè devlòpman peyi a. Fanm, nou dwe kontinye òganize nou, ini nou epi enplike nou pi fon nan lavi politik peyi a pou n ka rive konstwi yon sosyete egalitè ki baze sou Leta de dwa tout bon vre.

D.N : Ki pozisyon ou pa rapò ak seri manifestasyon ki fèt nan kat kwen peyi a kont kriz la ?

M.K.M.O : Mwen pataje revandikasyon ak soufrans tout konpatriyòt mwen yo. Pa genyen yon prensip ki defini kòman moun sipoze manifeste an Haïti. Nou tout se viktim, kit se dirèkteman oubyen endirèkteman, movèz gouvènans Leta a afekte nou, se nòmal pou nou revandike dwa nou. Si nou pa genyen dwa, nou pa ka genyen devwa.

D.N : Kite yon dènye mesaj pou moun k ap li atik sila.

M.K.M.O : Enterè prensipal mwen se kontribye nan devlòpman dirab peyi m, yon fason pou nou restore valè repiblik la yo. Jodi a, gen ijans pou nou tanmen yon pwosesis politik enklisif
ki genyen yon vizyon pwogresis byen defini pou nou kapab soti nan kriz sa yon fwa pou tout.

ajax loader

Plus de publications
Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *