google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
230929 feinstein sj 1048 2ed8c6
© %author%

Senatè demokrat ameriken Dianne Feinstein mouri

Ak 90 lane sou tèt li, Senatè Dianne mouri 29 septanm 2023 sa nan vil Washington D.C, nan peyi Etats-Unis. Senatè a se te dwayen nan kongrè a, paske se li ki te gen plis laj. Li pase 30 lane kòm senatè, men avan, li te pase 10 lane kòm majistra nan San Francisco. Madanm nan se youn nan prensipal reprezantan klas politik ameriken k ap vyeyi a.

Senatè ameriken yo te reyini, epi pase yon minit an silans pou salye memwa fanm vanyan an. Yon gwo dra swa te depoze sou chèz li a tou, yon chèz li pase 30 lane ap syeje sou li. Apre lanmò li, omaj fè kenken pou salye kouraj pyònye sila. Joe Biden te syeje kòm senatè bò kote madanm nan, e li konsidere li tankou yon zanmi.

Antank pyónye, Dianne se premye fanm majistra vil San Francisco, li se tou, premye fanm senatè Leta Californie. Dènye fwa li travay kòm senatè, se te jedi maten, kote li te vote nan kongrè a, malgre ywit (8) mwa avan sa, li te pwomèt l ap pran retrèt politik li. Senatè Dianne te di li p ap tounen kandida ankò nan eleksyon ki pral fèt nan lane 2024 yo.

Aktyèlman, se senatè repibliken Chuck Grassley ki tounen nouvo dwayen kongrè ameriken an ak 90 lane sou tèt li tou. Senatè Chuck pase 30 lane tou, bò kote Dianne kòm senatè, se pou sa, lanmò sa frape li plis toujou. E li deklare : « Se te yon gran sèvitè Leta, li ap manke mwen anpil ». An 1994, Dianne te fè vote yon lwa pou entèdi fizi daso yo sou yon peryòd 10 lane.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *