Sidney Powell, ansyen avoka repibliken Donald Trump, ki te akize nan kad menm dosye ak ansyen kliyan li, rekonèt li koupab 19 oktòb 2023 sa. Li pwomèt l ap temwaye nan pwochen pwosè anviwon 19 lòt prevni ki akize nan kad menm dosye sa tou pral gen pou yo asiste nan jou k ap vini la yo. Fanm 68 lane a ap ekri yon lèt ekskiz tou, pou elektè Leta Georgie yo.
Sidney deklare koupab pou 6 chèf akizasyon ki lyannen ak dosye eleksyon prezidansyèl 2020 an, kote ansyen kandida repibliken an Donald Trump, ak konpayèl li, akize kòm gwoup moun ki ta mete tout pwa yo nan balans lan pou rann rezilta eleksyon yo envalid akoz se kandida demokrat la ki te ranpòte li. Anplis 6000 dola amand pou lajistis, 2700 dola dedomajman pou Leta Géorgie, fanm lalwa a kondane pou sis (6) lane prizon ak relve, kidonk li pa prale nan prizon an vrèman, se si li ta residive l ap kondane tout bon.
Sidney Powell ap prezante tèt li kòm temwen nan pwosè lòt koprevni yo, epi l ap ekri yon lèt pou li mande elektè Géorgie yo padon ; se konpwomi sila fanm nan jwenn ak lajistis nan kad pwosè pa li a. Se vre li fè pwomès l ap temwaye, men pako gen dat ki kenbe pou pwosè sa yo. Sèlman, nan dat 23 oktòb ki pral vini la, lajistis pral seleksyone jiri ki pral tande avoka Kenneth Chesebro, youn nan koprevni menm dosye sa tou.
An 2020, kandida repibliken Donald Trump te refize rekonèt viktwa kandida Joseph Robinette Biden Jr. ki pi konèt sou non Joe Biden. Se menm koze sa ki pral mennen a pouswit jidisyè jodi yo, men Donald Trump toujou rete kwè se pèsekisyon politik k ap fèt kont li ak ekip li pou anpeche li reprann tèt pouvwa a nan peyi Tonton Sam nan, nan pwochen prezidansyèl 2024 yo. Pandanstan, Trump li menm gen pou parèt devan lajistis 4 mas 2024.
You may also like
-
Opérée à la cheville, Corventina donne de ses nouvelles
-
All I want for christmas is you n’est plus numéro un du classement Billboard Hot 100
-
Taylor Swift, personnalité de l’année du magazine « Time »
-
La première femme nommée à la Cour suprême américaine est décédée
-
Sheynnis Palacios ne peut plus rentrer au Nicaragua