google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
GettyImages 1241600004 4x3 1
© %author%

USA – Eleksyon mi-manda : pozisyon kèk kandida fanm nan kous la

Eleksyon mi-manda yo ap dewoule nan peyi États-Unis madi 8 novanm 2022, kandida yo ap mezire zepon pou yo vini swa senatè, swa palmantè reprezantan, swa gouvènè ak lòt pòs lokal ankò. Pami yo, gen anpil fanm, poutan te gen plis fanm nan dènye eleksyon lane 2020 yo. Nou pral gade pozisyon ak sitiyasyon kèk
nan kandida fanm yo nan kous elektoral sa nan diferan nivo, epi n ap gade kèk estatistik sou patisipasyon fanm sila yo selon pati politik dapatnans yo.

Nan lachanm

Nan Leta Nevada, gen yon batay sere sere ant senatè demokrat Catherine Cortez-Masto – ki deside relanse li nan kous la pou yon lòt manda – ak repibliken Adam Laxalt. Catherine Cortez-Masto se premye fanm ispano-ameriken ki te eli nan chanm sena a nan lane 2016. Ane sa, li konte yon lòt fwa sou vòt latino-ameriken yo, men yo pa rive sipòte li jan li te swete sa a. Nan dezyèm distri Virginie, demokrat Elaine Luria
te deja depite, men repibliken Jen Kiggans, yon lòt kandida fanm, kapab pran plas li a. An manm tan, nan 34èm distri Texas, repibliken Mayra Flores kanpe kòt à kòt ak demokrat Vicente Gonzales. Medam yo ap goumen pou yo brige yon pòs nan palman ameriken an.

Pou gouvènè

Pou plas gouvènè nan Eta yo, de (2) kandida fanm ak afwonte pou Arizona : Kari Lake (repibliken) epi Katie Hobbs (demokrat). Kari Lake se ansyen vedèt televizyon epi ansyen kandida ekstrèm dwat, patizan Donald Trump. Dayè, Kari toujou rete kwè eleksyon ki mennen prezidan Joe Biden nan tèt pouvwa a pa lejitim, se pou sa li pwomèt, si li genyen, li pral goumen pou sa pa repwodui an 2024 nan eleksyon prezidansyèl yo. Gen 19 Eta ki pako janm gen gouvènè fanm, se ka sa ki prezante pou Arkansas. Si repibliken Huckabee Sanders – gran favori – rive ranpòte eleksyon yo, l ap premye fanm gouvènè nan Eta Arkansas la. Eta Colorado ak Géorgie gen chans konnen premye gouvènè fanm yo tou, men kandida respektif yo, Heidi
Ganahl ak Stacey Abrams gen anpil efò pou yo ta fè anplis.

Estatistik

« 51% moun ki gen laj pou vote nan popilasyon ameriken an se fanm, poutan se sèlman 27% fanm ki te patisipe nan eleksyon primè yo pou Sena, chanm reprezantan ak gouvènè » selon FiveThirtyEight, yon medya ameriken ki espesyalize nan jounalis-done. Ane sila, gen mwens kandida fanm nan kous elektoral la pase eleksyon ki te fèt an 2020 yo. FiveThirtyEight prezante nou yon bilan sou patisipasyon medam yo nan eleksyon sila yo : ane sa 43% nan kandida pati demokrat la se fanm, poutan an 2020, te gen 47% kandida fanm pou menm pati demokrat sa. Nan kan repibliken yo, te gen 20% fanm kandida an 2020, ane sa li fè yon ti monte, vin gen 22% fanm ki kandida anba banyè pati repibliken an.

Rezon ki fè gen plis candida fanm demokrat pase repibliken

Demokrat yo plis entegre kandida fanm yo nan diferan rezo pati a gen nan peyi a. Anplis, gen kèk
òganizasyon fanm ki soutni kandida fanm yo, tankou EMILY’s List – yon komite politik ki la pou ede fanm pwogresis nan peyi États-Unis – ki depanse anpil lajan pou rekrite epi finanse fanm ki gen konpetans ak kalite, e depi nan eleksyon primè yo, yo kòmanse sipòte fanm sa yo ak tout fòs yo. Bò kote repibliken yo, elektè yo menm, pa fè anpil efò pou priyorize kandida fanm. Dayè, reprezantan Eta New York (novanm 2014) Elise Stefanik te lanse pwojè E-PAC pou soutni yon bann fanm kandida, men pati repibliken an te repouse pwojè li a, poutan, move akèy sa pa t anpeche fanm repibliken an kontinye ak bèl pwojè li a.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *