google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
IMG 20210921 WA0022
© %author%

Yon zoom sou Valencie Étienne

Valencie Étienne se yon jèn fi ki fè Saint-Michel, li se jounalis, animatè, pwofesè, li se reyalizatris, piblisist, entèprèt epi chantèz.

Li te patisipe nan dezyèm edisyon Nwèl Caraïbes kote li te dezyèm gayan nan konkou sila ki te fèt en 2018.

Valencie Étienne di ke li lanse l vrèman nan mizik depi an 2015. Paske li vrèman renmen mizik, li renmen lè l ap chante. Sa se pasyon li. E li deside ba li atansyon pou l ka rive pi lwen.

Chantèz la deja soti de mizik « M pap kapab » ak « Pran devan » ke l chante ak Easy Mike. Chak grenn mizik sa yo gon istwa diferan ke atis la chante.

Atis la fè konnen ke mizik se li menm, e ke malgre li jwenn kèk difikilte men li pap lage e ke l ap travay di pou l rive lwen.

Valencie esplike ke se antouraj li ke se sponsor li. Se yo ki kontribye ak li pou l fè soti videyo ak mizik li yo e ke li remesye yo anpil.

Nan ti pale Valencie Étienne te fè ak sal redaksyon nou wan, li pran ti tan pou l bay konsèy ak jèn ki fenk sot fè filo pou l di yo ke si yo pa gen mwayen pou ya l nan gwo invèsite pa rete chita al pran on kou pwofesyonèl.

Atis la kontinye pou l di si on moun pa sòti nan on fanmi ki gen kòb, chwazi on bagay 3 mwa, 6 mwa pou n aprann e li menm ofri posibilite pou ede 5 jèn ki vle aprann on metye pande
n 3 a 6 mwa.

Chantèz Valencie Étienne envite gran piblik la pou yo swiv li sou tout rezo sosyo e ale gade videyo mizik li yo ki gentan disponib sou Youtube.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *