google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
FB IMG 1668208662525
© %author%

COMPARET, yon kominote jèn entreprenè ki wè jou gras ak Lucna Henrismé

Lucna Henrismé se yon jèn fi ki diplome nan « Maketing ak Vant ». Li se aktyèl etidyan nan medsin, epi l ap fè yon espesyalizasyon nan kòmès entènasyonal ak lojistik nan ADEN, yon lekòl biznis ki relye kad ki soti nan diferan kontinan yo. Antreprenè a se tou, direktris startup Grind pou vil Jérémie. An 2021, li te pami 50 fanm ki gen plis enfliyans an Haïti, yon rekonpans li te jwenn gras ak IFTH & SCO TOURS ak tout PNUD. Depi 2017, li lanse Kominote Pasikatè yo pou yon Retablisman (COMPARET), yon kominote ki gen yon gwo vizyon : kontribye nan devlopman ak elajisman kad antreprenarya a an Haïti pandan l ap pase atravè edikasyon. Nan ti bat bouch nou te gen ak inisyatè a, nou pata moso ba ou.

D.N : Nan ki sektè COMPARET ap evolye reyèlman ?

L.H : COMPARET ap evolye nan sektè sèvis la, paske nou bay prestasyon nan sans sa yo : Konsiltasyon ak montaj pwojè, fòmasyon sou antreprenarya ak lidèchip, koching ak etid mache, enkibatè antrepriz elatriye. Nou gen espas miltimedya tou pou marye antreprenarya ak tekonoloji enfòmasyon ak kominikasyon yo. Youn nan metòd nou itilize nan COMPARET, se metòd sa nou rele 1-2-3 : se moun nou te fòme deja ki bay nouvo moun yo fòmasyon, ki, yo menm pral kontinye bay lòt moun fòmasyon tou.

D.N : Kòm yon antrepriz ki pran nesans nan vil Jérémie, ki enpak nou fè sou vil sila ?

L.H : Depi kreyasyon li, COMPARET fè pliziyè konferans ak seminè nan vil Jérémie. Anplis li deja òganize twa gran kongrè nan vil sila. Efektivman, se Jérémie menm ki pouse nou mete COMPARET sou pye, apre nou fin konstate vil la manke aktivite ki gen rapò ak entreprenarya, teknoloji ak lidèchip. Nan kongrè nou konn òganize yo, nou rasanble moun ki pataje menm ide antreprenè ak nou, yon fason pou nou youn pi byen konn lòt, pou nou youn montre lòt kòman pou nou travay e pou nou youn ede lòt bati yon demen miyò. Se pa sèlman ak COMPARET mwen aji nan sans sa, paske avèk startup Grind Jérémie, prèske chak mwa nou fè chita pale sou fason pou nou pouse antreprenè vil Jérémie vin pi bon nan sa y ap fè a. Nou pa chita Jérémie sèlman, nou nan vil aux Cayes tou.

D.N : Pale nou de kongrè antrerenè nou te prevwa òganize ane sila nan COMPARET ?

L.H : Depi 2019, nou lanse CCET (COMPARET Congrès Entrepreuneuriat et Technologie) nan objektif pou nou fè tout depatman Grand-Anse la grandi sou plan entreprenaryal an Haïti. Se yon pwogram nou etale sou 10 lane, nou gentan fè twa (3) edisyon deja, soti 2019 rive 2021. Malerezman ane sila, pwoblèm sosyal ak ekonomik rive bloke katriyèm edisyon an malgre nou pa t manke anpil. Nan seri kongrè sa yo, nou toujou envite anviwon 15 entèvenan ki soti toupatou pou vin pale de entreprenarya, vin fè atelye, etid mache, poze pwoblèm, chèche solisyon. Yon lòt avantaj nou tire nan sa, se envite nou yo ki ede antreprenè nan depatman an elaji kad kòmèsyal yo. Nou gen plizyè antreprenè ayisyen ki soti nan lòt depatman oubyen ki soti nan peyi etranje ki konn vin ban nou bourad nan kongrè nou yo.

D.N : Kisa pwojè COMPARET vle di pou ou pèsonèlman ?

L.H : COMPARET reprezante yon pitit pou mwen, e mwen kòmanse satisfè de pitit sa paske li sou wout pou li fete 6 lane. Malgre mwen a distans, mwen toujou kontan kontanple travay COMPARET ap fè, mwen toujou kontan gade kantite jèn ki enplike, kantite inisyativ ki pran, kantite jèn biznis yo ap monte gras ak travay COMPARET, e mwen fyè pou m pale de sa.

D.N : Kongrè ane sila pa rive fèt, ki pèspekstiv nou pou lòt ane ?

L.H : Depi sitiyasyon sosyal ak politik peyi a reponn, kongrè a ap reyalize ane k ap vini la. Se pou sa n ap kontinye travay, n ap kontinye oze, yon fason pou nou franchi kap sila. Pandanstan, nou envite tout lektè yo ale swiv nou sou tout paj rezo sosyal nou yo, ak sou sit entènèt nou www.comparetnetwork.com. Mèsi pou ti moman sa.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *