google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
elisabeth borne
© %author%

France : gouvènman Elisabeth Borne nan pwopoze yon nouvo lwa sou imigrasyon

Nouvo premye minis fransè a, Elisabeth Borne, ak tout gouvènman li a, pote yon nouvo lwa sou koze imigrasyon an France. Madi 6 desanm 2022 a, gouvènman an fè elòj pou lwa sa, paske li fè ekilib ant depòte ak entegre imigre. Depi avan deba a louvri nan palman fransè a gouvènman an kòmanse fè djòlè pou lwa a, yon fason pou li jwenn favè opozisyon an sou sijè sansib sa ki se « imigrasyon ».

« La France dwe ka di kiyès li vle ak kiyès li pa vle akeyi », se konsa premye minis Elisabeth Borne rezime sitiyasyon an pandan li pwofite louvri deba a. Diferaman de kèk lòt fransè, Elisabeth estime gouvènman an pa gen dwa kanpe sèk nan resevwa imigre, men tou, li rete kwè gouvènman an paka resevwa imigre san kontwòl. Se pou sa li kontan paske tèks lwa sa ekilibre, epi kole imanite ak fèmte. Lwa sa ap depoze nan kòmansman ane 2023 a.

Nan lwa sa, gen kèk mezi ki ap aleje pwosedi pou depòte imigre yo, paske pwosedi sa toujou fè gwo tole nan politik migratwa fransè a depi kèk ane. Ata dènye lwa sou imigrasyon an (2018) pa t ka rezoud pwoblèm sa. Pami mezi ki pran yo, depi yon moun fè yon demand azil ki pa agreye, imedyatman l ap resevwa yon papye ki pou oblije li kite tèritwa fransè a.

Malgre tout jefò gouvènman an, ansyen kandida pou prezidan, Marine Le Pen, deklare « tèks lwa sa p ap itil anyen […] sa p ap fè sitiyasyon an avanse, poutan sitiyasyon an byen katastwofik […] imigrasyon peyi nou an pa sou okenn kontwòl ». N ap raple, se yon pwojè lwa anplis sou imigrasyon nan peyi fransè yo, poutan, kize imigrasyon an rete yon gwo pwoblèm pou peyi ewopeyen sila.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *