google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
210426133027 02 annalena baerbock march 15
© %author%

Allemagne : Minis Annalena Baerbock vle mete fanm yo pi wo nan zafè politik etranje yo

Minis zafè etranje alman an, Annalena Baerbock, vle mete fanm yo pi wo sou plan politik etranje nan mond lan, se pou sa, minis la anonse, 21 fevriye 2023 a, li pral pote yon dal pwopozisyon pou bouste medam yo sou pwen sa. Premye mas 2023, se dat ki kenbe pou minis la prezante pwopozisyon li yo, selon deklarasyon magazin alman « Der Spiegel » [miwa a].

Apre yon lane ak kèk jou depi li fin pran pòs, Annalena Baerbock pare pou pase men nan kou tokay etranje li yo yon fason pou yo aji ansanm. Minis zafè etranje a dwe prezante direktiv politik li yo bay tokay li yo ak tout lòt moun ki entèrese tande, nan dat premye mas 2023, pou bay fanm yo plis vizibilite. Magazin « Der Spiegel » te gen kopi yon dokiman travay 41 paj ki detaye volonte minis la. « Pwojè sa, se pa sèlman yon kesyon de konsepsyon yon politik etranjè pou fanm men se yon pwojè k ap pote avantaj bab ak moustach pou tout manm nan sosyete a », selon rapò a. Pi gwo objektif pwojè sila, se « kraze estrikti pouvwa ki te deja etabli yo », sa vle di kraze koze diskriminasyon kont tout minorite yo.

Pou dirije revolisyon kiltirèl sa a, Annalena Baerbock vle pran yon anbasadè devwe kòm adjwen li. Adjwen sila pral « devlope direktiv yo epi asire aplikasyon yo, » jan dokiman an deklare sa a. Nan tout rakwen, toupatou kote Allemagne reprezante, reflèks feminis sa ap blayi kò li pou inonde politik etranje alman yo, toujou selon dokiman an.

Pou kounye a, se sèlman 27% nan anbasad alman yo ki gen fanm nan tèt yo, men douz liy direktiv ki nan dokiman an yo ta dwe bay posibilite pou yo kreye ak kenbe reflèks feminis sa a. Pou rekrite moun k ap bay pwojè a jarèt, minis la pa pral chita sou sèks moun yo, men pito, sou konpetans yo sou koze egalite ant sèks yo.

Redaktè dokiman an montre jan yo reyalis tou, selon yo, nouvo apwòch sila yo pral adopte a se pa yon kout bagèt maji k ap ede yo drese menas imedya yo sou plan sekirite politik, se pou sa politik etranje feminis sa se pa sinonim lapè. Se pou sa, nan dènye jou sa yo, minins zafè etrenje alman an pa twò kole ak desizyon chanselye alman an, Olaf Scholz, nan voye cha de gè bay Ukraine pou ede yo konbat Russie.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *