google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
Lynne M. Tracy U.S. Ambassador
© %author%

Anbasadris ameriken an nan Russie jwenn avètisman « tout ti vis »

Moscou avèti Anbasadris Ameriken an, Lynne Tracy, madi 18 avril 2023 sa kont nenpòt « aktivite sispèk » ki ta fèt kont Russie, dapre yon deklarasyon Ministè Afè Etranjè Ris la pibliye kèk tan apre li te fin konvoke diplomat Lynne nan tribinal Moscou.

« Nou te pran san nou pou nou di li nenpòt aksyon ki ta soti bò kote Etats-Unis, ki ta vize pou ankouraje dezòd ak fè lènmi nan sosyete Ris la, oubyen si yo ta sèvi ak misyon diplomatik la pou kache aktivite sispèk, y ap sibi gwo pinisyon », selon sa ki ekri nan kominike diplomasi Ris la te pibliye a.

Ministè Ris la tou pwofite denonse sa li wè tankou yon « entèferans flagran » Etats-Unis, Royaume-Uni ak Canada ta ap fè nan zafè entèn Russie. Eskalad vèbal sa a vini nan mitan tansyon ant Moscou ak Loksidan, paske Loksidan ap soutni Ukraine finansyèman ak militèman.

Byen bonè nan Madi sa, Moscou te gentan anonse li te konvoke anbasadè Ameriken, Britanik ak Kanadyen sa yo ki akize kòm antite k ap fè « entèferans » nan zafè Russie. Twa anbasadè yo se Lynne Tracy, Deborah Bronnert ak Alison LeClaire. Pòtpawòl Ministè Afè Etranjè Ris la, Maria Zakharova, te fè konnen twa anbasadè yo te sanse resevwa konvokasyon sila « pou raple yo sa diplomat yo ta dwe fè ak sa yo pa ta dwe fè ».

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *