Nan eleksyon demi manda peyi États-Unis òganize madi 8 novanm 2022 a, Marleine Bastien, ki gen orijin li an Haïti ranpòte viktwa sou ayisyano-ameriken parèy li, Philippe Bien-Aimé ki se majistra vil North Miami Floride. Marleine ap syeje nan dezyèm distri a kòm komisyonè zòn Miami-Dade.
« Viktwa aswè a se pou tout rezidan distri 2 a ! Se ak anpil lonè m ap sèvi kòm pwochen komisyonè zòn pou distri 2 a. Ansanm n ap travay pou plis ak pi bon enklizivite. [Yon] distri 2 ki bay tout moun yon chans batay pou yo pwospere. Mèsi pou vòt konfyans ou », se konsa fondatè epi direktè egzekitif Family Action Network Movement/FANM nan eksprime li sou kont twitter li pou li remèsye elektè yo ki mete konfyans yo nan li.
Enplikasyon kominote ayisyen yo nan peyi États-Unis ap pran ekspansyon chak jou pi plis. Yon bon nouvèl lè nou konnen jan kominote entènasyonal la gen enfliyans sou politik nan an Haïti. Se ant premye ak dezyèm gè mondyal kominote ayisyen an kòmanse miltipliye nan peyi Tonton Sam nan. Kominote a ta pral grandi pirèd ankò sitou nan Eta Floride an 1960 pa rapò ak diktati Duvalier yo.
American Community Survey resanse 953 908 moun ki di yo se ayisyen ant 2011 a 2015, sa vle di yo reprezante 0,3% popilasyon ameriken an, yon pousantaj k ap grandi chak jou pi plis.
You may also like
-
Kerry Washington révèle avoir eu recours à un avortement sous une fausse identité pour protéger sa carrière
-
Violences faites aux femmes en France : le budget est nettement insuffisant
-
L’Ethiopienne Tigst Assefa remporte le marathon de Berlin et écrase le record du monde
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes