Apre li fin eli nan Eta Massachusetts, Maura Healey prezante kòm premye politisyen ki afiche li nèt kòm lezbyèn e ki rive gouvènè nan yon Eta. Demokrat 51 lane a bat repibliken Geoff Diehl nan eleksyon mi manda ki dewoule jounen madi 8 novanm 2022 a, yon viktwa Human Rights Campaign salye kòm « istorik ».
Human Rights Campaign ki se asosiyasyon ameriken k ap defann dwa moun ki lezbyèn, ki « gay » ki biseksyèl, ki « transgenre », kouri salye viktwa Maura Healey a, kòm yon evenman listwa peyi États-Unis pa p janm bliye, Pandanstan, Human Rights Campaign ap tann rezilta nan Eta Oregon an, kote Tina Kotek, yon lòt lezbyèn, gen chans pou li vin gouvènè tou.
Ane sa, se yon rekò kominote LGBTQ a bat nan politik peyi États-Unis : 50 Eta ameriken te gen kandida LGBTQ. Antou, 678 moun ki nan kominote sila te patisite nan eleksyon madi 8 novanm nan, se yon ogmantasyon 20% pa rapò ak dènye eleksyon yo. 90% kandida LGBT yo se demokrat.
Nou pa sezi pou eleksyon Maura Healey nan kòm gouvènè Massachusetts, paske li te toujou devan nan sondaj yo epi popilasyon an renmen li kòm defansè dwa moun. Depi 2014, li se pwokirè jeneral nan Eta li a, pòs nou te ka konpare ak komisè gouvènman (Haïti) oubyen Minis Jistis Lokal (France).
You may also like
-
Kerry Washington révèle avoir eu recours à un avortement sous une fausse identité pour protéger sa carrière
-
Violences faites aux femmes en France : le budget est nettement insuffisant
-
L’Ethiopienne Tigst Assefa remporte le marathon de Berlin et écrase le record du monde
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes