google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
20230103 175124
© %author%

Brésil : Gouvènman Lula a gen 14 minis fanm sou 37 an total

Gouvènman Luiz Inácio Lula da Silva a pran pouvwa a apre envestiti prezidan an, premye janvye 2023. Sou 37 pòtfèy ministè antou, se minis fanm k ap jere 14 pami yo. Nan atik sa nou pral chita sou kèk pèsonalite fanm minis ki nan twazyèm gouvènman politik goch Lula a.

Margareth Menezes se minis kilti nan gouvènman an. Aktris teyat, pwodiktris ak chantèz, Margareth te nome nan Grammy Awards kòm atis ki fè meyè albòm pòp brezilyen. Se albòm « Pra Você » [pou nou] a ki te ba li tit sa. Patizan Lula yo mete gwo lespwa nan Margareth pou ede yo redore blazon mond kiltirèl brezilyen an, paske yo pa t dakò ak politik kiltirèl ansyen prezidan Bolsonaro te konn aplike yo.

Nan tèt ministè egalite rasyal la nou jwenn Anielle Franco, li se sè Marielle Franco, yon militan feminis LGBT ki te mouri asasinen an 2018. Imedyatman apre nominasyon li nan pòs sa, militan feminis nwa a ekri sou kont twitter li : « li enpòtan pou m souliye, mwen rantre nan ekip la ak eritaj Marielle epi ak tout pakou fanm nwa yo. Sa montre nou pi enpòtan pase nenpòt diskou rayisab, vid e vyolan. Li enpòtan tou pou n konnen, nou menm fanm ak moun nwa, nou gen plas nou nan tout espas kote desizyon ap pran. Nou kalifye pou nou nan tout ministè ak sekretarya Leta. Nou pral bati Brésil demen an, ak lespwa pou nou tout, pou tout moun nèt ».

Minis anviwónman ak chanjman klimatik la, se Marina Silva, yon gwo militan nan koze ekoloji. Tout brezilyen ki abitye ak Lula ak Marina konnen nominasyon sa t ap vini kanmèm. Se yon pòs Marina te okipe deja, pandan de (2) premye manda Lula yo, ant 2003 a 2008. N ap note, militan ekolojis la te kandida pou prezidans peyi Brésil pandan twa (3) fwa. Marina Silva se yon militan ki travay anpil an favè pwoteksyon forè amazoni an, li travay tou nan goumen pou jistis sosyal. Angajman li fè li te resevwa pri Goldman, yon pri yo bay pou anviwónman, yo rele pri sa tou, « Pri Nobèl Vèt ».

Maria Aparecida Gonçalves, se yon feminis, yon militan, yon konsiltan nan politik piblik sou koze jan ak vyolans kont fanm. Aktyèlman, li se minis fanm nan gouvènman brezilyen an. Maria te deja sèvi peyi li kòm sekretè nasyonal pou vyolans kont fanm sou gouvènman Lula ak Dilma yo.

Ministè jesyon ak inovasyon sèvis piblik yo gen Esther Dweck, ekriven ekonomis, kòm minis. Sônia Guajajara, se minis pèp otoktón yo, li se yon otoktón enfliyan ki te kandida pou vis-prezidan an 2018, e an 2022 a, li te eli depite federal Eta São Paulo. Simone Tebet nan tèt ministè planifikasyon ak bidjè a li menm, soutyen li ap ede Lula konkeri Eta Mato Grosso do Sul, yon Eta ki pa danse kole ak politik Pati Travayè yo, ki se pati goch Lula a.

Pou ministè sante a, se premye fwa yon fanm pral jwe pi gwo wòl nan ministè sila nan peyi Brésil, e se Nísia Trindade ki pral jwe wòl sa kòm minis. Se yon fanm tou, ki okipe pi gwo pòs la nan ministè lasyans, teknoloji ak inovasyon an, li rele Luciana Santos. Ansyen jwè volebòl, Ana Moser ap jwe wòl minis espò nan gouvènman Lula a. Ana te pran meday bwonz nan jwèt olenpik 1996 yo nan Atlanta, li te vis chanpyon mond lan an 1994, nan peyi Brésil e li te resevwa meday ajan nan jwèt panameriken yo an 1991, nan peyi Cuba. Pòtfèy ministè touris la nan men Daniela do Waguinho, yon brezilyèn ki te eli depite federal Rio de Janeiro an 2018.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *