Pandan gen yon jij fanm k ap kite pi wo jiridiksyon Brésil la pou li ale pran retrèt li, gen yon mouvman sosyal ki eklate e k ap mande pou jij la ranplase pa yon youn ki gen koulè nwa. Si sa ta fèt, se t ap premye jij fanm nwa ki t ap pran tèt jiridiksyon an depi kreyasyon enstitisyon an, an 1891.
« Nan 132 lane, Brésil pako janm gen yon fanm nwa nan lakou siprèm nan », se mesaj sa ki ekri nan anpil pano nan peyi Brésil. Dayè, lè prezidan Luiz Inácio Lula da Silva ta prale nan somè os G20 an, li te gen anpil chans pou li apèsi youn nan pano sa yo pandan li nan wout pou ale nan ayewopò a.
Se plizyè mouvman brezilyen k ap sipòte politik dwat la ak nwa yo ki mete ansanm pou lanse kanpay sa, nan lide pou yo fè presyon sou dirijan politik goch la pou li nome yon fanm nwa ak pwogresis nan Tribinal Siprèm Federal brezilyen an. An oktòb, majistra Rosa Weber prale pran retrèt li, e se okazyon sa mesyedam yo vle sezi.
Depi kreyasyon enstitisyon an, Tribinal Siprèm Federal la an 1891, aprè pwoklamasyon endepandans peyi Brésil, 11 syèj ki disponib nan tribinal sa deja okipa pa 171 moun, men se sèlman twa fanm blanch ak twa gason nwa ki rive pran pòs sila.
You may also like
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes
-
En cas de crise cardiaque en public, les femmes ont moins de chance d’être sauvées que les hommes
-
Affaire du baiser forcé : des dirigeants de la fédération espagnole prêts à porter plainte contre les joueuses ?
-
FIFA The Best : des femmes sont aussi nominées