google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
monique begin 1200x825 2
© %author%

Canada : Ansyen minis federal Monique Bégin mouri, peyi li rann li omaj

Ansyen minis federal Monique Bégin, youn nan twa premye fanm ki te rive eli nan chanm komin nan, nan Québec, mouri. Yon kominke pibliye nan memwa li 9 septanm 2023 epi presize se nan Ottawa madanm nan mouri, ak pwòch li yo bò kote li, apre li te fin resevwa swen palyatif kont maladi li.

Avan li te rantre nan chanm komin yo, Madam Bégin te fòje repitasyon li tankou yon gwo defansè bò kote mouvman feminis yo nan vil Québec. Nan lane 1966, Monique Bégin te siyen chat ki te fonde Federasyon Fanm Québec yo, e se li ki te premye vis-prezidan federasyon sila. An 1967, Monique te nome kòm sekretè jeneral komisyon wayal ki te gen pou li ankete sou sitiyasyon fanm yo nan peyi Canada. Rapò komisyon sa, ki te pibliye an 1970, toujou rete enpòtan jodi a.

Se an 1972, Madam Monique rantre nan palman an, nan vil Ottawa, ak tit Depite sikonskripsyon Saint-Michel, pou pati Liberal kanadyen an, pati ki te gen pou dirijan Pierre Elliott Trudeau, ki se papa aktyèl premye minis kanadyen an, Justin Trudeau. Apre karyè politik li, Monique te konnen yo bèl karyè nan ansèyman nan inivèsite, espesyalman nan inivèsite Ottawa.

« Se jan domèn sosyoloji a rantre nan li, ki te pèmèt li kreye koze kredi enpo pou timoun yo. Si se youn nan gwo pwa ki te peze sou balans la pou lejislasyon ki te vize ogmante sipleman revni garanti yo. Pi gwo reyisit li, se adopsyon palman an te pran, nan inanimite, an favè lwa kanadyen sou lasante a, an 1984, sa ki te ranfòse inivèsalite ak aksesibilite sistèm sante kanadyen an » daprè sa nou rive li nan menm kominike ki pibliye nan memwa fanm 87 lane a, ki te pèdi lavi li 8 septanm 2023.

Ane pase, Lòd kanadyen an te ba li yon pwomosyon lonè, kote yo te monte li kòm Konpayon, pandan yo souliye gwo kontribisyon li te bay pou plizyè kòz, pami yo, respè dwa moun ak amelyorasyon kalite lavi kominote defavorize ak majinalize yo, kit nan Canada, kit aletranje. « Li rete yon sous enspirasyon pou jenerasyon lidè k ap vini yo, espesyalman pou fanm yo, ki, dezòmè, rive okipe pi gwo pòs kòm kad siperyè nan gouvènman ak inivèsite yo gras ak militan sa [Monique Bégin] », selon paj Lòd kanadyen an dedye a fanm valè sa.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *