google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
imrs
© %author%

États-Unis : Karen Bass, premye fanm ki eli kòm majistra vil Los Angeles

Apre eleksyon demi manda kite fèt madi 8 novanm 2022 yo, Karen Bass tounen premye fanm ki eli kòm majistra vil Los Angeles, dezyèm pi gwo vil nan peyi États-Unis. Demokrat la rive devanse milyadè Rick Caruso, yon kòlèg demokrat. Se vre eleksyon yo te sere sere, men Bass te toujou gen kèk vòt anplis Rick, jiskan li depase milyadè a epi eli kòm majistra vil Los Angeles.

« Moun Los Angeles voye yon mesaj klè kou dlo kokoye : li lè pou nou jere ijans yo », se deklarasyon Karen Bass, nan yon kominike li pibliye apre viktwa li a. « Los Angeles se pi gwo vil nan mond lan. Mwen konnen si nou rete men nan men, sou nou chak pran responsabilite nou, si nou konsantre nou pou n bay tout nou menm, pou n fè tout sa nou kapab, n ava kreye pi bon katye yo jodi a e yon pi bon demen pou pitit nou yo », toujou selon nouvo majistra vil la.

Yon vil liberal, se konsa nou ka kalifye Los Angeles, ki, depi plis pase 20 lane, pa bay pati repibliken an pye sou li. Ane sa, moun vil la vote Karen Bass, kòm yon pwogresis. Lòt avantaj Bass genyen, li te jwenn aval kèk pwa lou nan pati li a, tankou ansyen prezidan Barack Obama, aktyèl prezidan Joe Biden ak vis-prezidan Kamala Harris.

Yon lòt bò, Bass te fè fas ak yon defi kòlèg repibliken li te lanse nan eleksyon yo, Rick te envesti 100 milyon dola, kòb pòch li, epi chèche favè polipasyon an ki t ap plenyen kont ogmantasyon krim yo.

N ap note, Karen Bass te reprezantan/depite 33èm distri Californie de 2011 a 2013 epi 37èm
distri Californie depi 2013.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *