Ofisyèlman se madi 22 novanm 2022 a Marleine Bastien, ki gen orijin li an Haïti, rive pran plas nan pòs komisyonè pou distri 2 a nan Miami-Dade County. Se premye fanm ki rive eli nan pòs sila nan distri 2 a. Se ak fyète travayè sosyal la konseye tout moun, patikilyèman jèn fi ki gen rèv ak lespwa, pou kontinye karese rèv yo. Se apre eleksyon madi 8 novanm nan Marleine te rive depase Philippe Bien-Aimé epi fè eksplwa sa.
Marleine genyen eleksyon yo ak 58,9% vòt yo, sa vle di 21 930 vòt sou 37 214 sitwayen ki te ale ranpli devwa yo pou distri 2 a. Marleine ranplase Jean Monestime, ki te premye ayisyen-ameriken ki te rive brige pòs sa. Jodi a, Marleine se premye fanm ki nan pòs sa. Li deja angaje li, pou li kontinye travay pou byennèt moun.
« Jodi a, mwen prete sèman kòm komisyonè Miami-Dade County pou distri 2 a. Etan pitit fi imigre ayisyen, etan premye fanm ki rive nan tèt pòs sa, mwen vle reprezantasyon sa chita nan tèt chak jèn fi, ki soti nan nenpòt peyi, ki gen lespwa ak rèv. Sa ki pi entpòtan ankò, se pou chak manm kominote a mete tout fòs yo nan sèvis la. […] An nou tout mete men pou distri 2 a kapab viv siksè ak pwosperite », se pawòl nouvo eli a, Marleine Bastien, nan seremoni prestasyon sèman li.
N ap note, Miami-Dade County se yon konte pami plizyè lòt konte ki gen nan peyi États-Unis. Li twouve li nan Eta Floride. Yon konte pi piti pase yon Eta, men li pi gran pase yon vil. Konte Miami-Dade gen 13 distri ladan li, se nan dezyèm nan Marleine ye kòm premye fanm ki eli, e ki pare pou li fè devwa li. Komisè konte yo gen devwa pou yo sipèvize administrasyon konte a, reprezante enterè konte a nan Leta federal la, planifye pou konte a epi jere bidjè ak finans konte a.
You may also like
-
Kerry Washington révèle avoir eu recours à un avortement sous une fausse identité pour protéger sa carrière
-
Violences faites aux femmes en France : le budget est nettement insuffisant
-
L’Ethiopienne Tigst Assefa remporte le marathon de Berlin et écrase le record du monde
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes