Caroline Cayeux te nome kòm minis kolektivite teritoryal yo nan gouvènman premye minis Elisabeth Borne nan 4 jiyè 2022 a. Gouvènman an rekonèt demisyon li jodi 28 novanm 2022 a. Yon aksyon li poze nan lide pou li pa jennen gouvènman an, paske enstans k ap jere patrimwàn yo estime li bay manti sou yo pa li yo, e malgre li kontakte yo sou sa, yo rete kwè menm bagay la. Li vin jije pi bon desizyon li te ka pran, se demisyone.
« Dimanch 27 novanm nan, mwen prezante demisyon mwen bay prezidan repiblik la ak premye minis la. Sa k pase, se apre m fin deklare patrimwàn mwen bay otorite k ap jere transparans nan lavi piblik la, li estime done yo manke, malgre mwen soumèt mwen anba evalyasyon li, li kontinye panse menm bagay la.
« Nan kontèks sa, mwen prefere demisyone pou m pa jennen gouvènman an », se deklarasyon Caroline Cayeux, ki pwofite remèsye prezidan an ak premye minis la ki te mete konfyans yo nan li pandan senk (5) mwa sa yo li pase nan ministè a. Lè yo te nome li nan pòs sa 4 jiyè 2022, Caroline Cayeux te vle rete nan pòs li kòm majistra vil Beauvais. Men, li te vin kite pòs la pou l pran nouvo fonksyon gouvènman an te afekte l ladan an.
Kèk jou avan pou yo te nome li nan pòs sila, gen moun ki te gentan al detere kèk deklarasyon li te fè an 2012, lè li te senatè. Fanm ki gen 74 lane a te deklare kesyon « maryaj pou tout moun nan » kòm yon « kapris », kòm yon « ouvèti ki pa respekte lòd natirèl la, e ki ensanse ». Deklarasyon sa yo te fè plizyè manm nan kominote LGBT a an France t ap mande demisyon li, yo te menm siyen yon petisyon pou sa. Reyaksyon sa yo te menm fòse Caroline Cayeux tounen sou pwopo li yo.
« Pwopo m yo te blese anpil nan nou. Mwen regrèt sa anpil, pwopo m yo pa t apwopriye ».
You may also like
-
Violences faites aux femmes en France : le budget est nettement insuffisant
-
L’Ethiopienne Tigst Assefa remporte le marathon de Berlin et écrase le record du monde
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes
-
En cas de crise cardiaque en public, les femmes ont moins de chance d’être sauvées que les hommes