Daprè ankèt Elabe fè pou BFMTV semnn sa, kote rezilta yo rann piblik 14 septanm 2023 sa ankò, anpil fransè (47% nan sonde yo) prezante estimasyon an favè aktyèl depite pati Rasanbleman Nasyonal la, Marine Le Pen pou di li « Kapab rasanble fransè yo ».
Vizaj Marine Le Pen, ki se depite epi aktyèl prezidan pati politik Rasanbleman Nasyonal la, kontinye ap lave chak jou pi plis, kat lane avan dewoulman eleksyon prezidansyèl fransè yo, ki ta dwe fèt nan mwa avril 2027. pami fransè ki entèwoje nan sondaj la, 47% kwè Marine « kapab reprezante fransè yo », pandan tan sa, 48% menm estime madanm nan gen « kalite nesesè pou li pran tèt peyi a kòm prezidan ».
Kanta sila ki panse Marine Le Pen se yon fanm ki « otoritè », kantite a eleve a 71%. Gen 66% ki di wi, dam nan se yon moun ki « dinamik ». Pou varyab « Kouraj » la, se 67% moun pami sonde yo ki dakò li genyen kalite sa, epi 48% nan yo dakò depite ekstrèm dwat fransè sa se yon fanm ki gen « kalite nesesè pou li prezidan peyi li ». N ap raple, Marine te kandida pou pòs sa an 2022, men li pa t rive asiste tiraj.
Sondaj sa, ki fèt sou yon echantiyon reprezantatif 1001 moun, ki te pibliye sou entènèt la, te chita sou sèks, laj ak pwofesyon Sonde yo, apre yo te fin triye selon zòn, rejyon oubyen aglomerasyon yo. pami 1001 moun sa yo, 32% kwè Madam Le Pen t ap « fè yon pi bon prezidan pase Emmanuel Macron, aktyèl lokatè Elize fransè a ». Men tou, 60% pami yo rete kwè si se pati politik Rasanbleman Nasyonal ki ta rive pran pouvwa a, « peyi a ap divize plis pase jan li divize jounen jodi a ».
You may also like
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes
-
En cas de crise cardiaque en public, les femmes ont moins de chance d’être sauvées que les hommes
-
Affaire du baiser forcé : des dirigeants de la fédération espagnole prêts à porter plainte contre les joueuses ?
-
FIFA The Best : des femmes sont aussi nominées