Premye fanm epi aktyèl prezidan peyi Hongrie a, Katalin Novák, te deplase fizikman pou ale sipòte resòtisan ongwa k ap viv nan peyi Ukraine, nan zòn Subcarpatie, e k ap sibi konsekans gè sa chak jou. Apre li fin vizite pèp li a 22 dawout 2023, nan demen 23 dawout, li rantre nan kapital ikrényen nan pou li al kontre ak prezidan peyi a Volodymyr Zelensky epi chita pale ak li sou anpil pwen ki konsène relasyon de (2) peyi sa yo.
Depi apre premye atak Russie yo sou peyi Ukraine, pa gen anpil prezidan ki ale sou chan batay sila. Emmanuel Macron, Joe Biden ak Katalin Novák se kèk ra prezidan ki rive brave danje sa. Nan ka Katalin Novák la, non sèlman li ale sipòte prezidan Zelensky, li ale rekonfòte pèp Subcarpatie a tou, ki konpoze majoritèman ak resòtisan ongwa. Avan lane 1920, Subcarpatie te anndan wayòm Hongrie a, se sa ki fè zòn sa gen enpil resòtisan ongwa konsa.
Apre vizit li fè bò kote resòtisan li yo, Katalin brave danje epi li rann li nan kapital ikrényen an, Kiev, pou li chita sou tab diskisyon ak omològ ikrényen li. Nan deba yo, mesyedam yo pale de etablisman yon kanal kominikasyon dirèk ant enstitisyon prezidansyèl Ukraine ak Hongrie, yon nouvo dokiman k ap redefini relasyon peyi sa yo, fason peyi Hongrie pral entegre kominote diskisyon prezidan Zelensky te mete sou pye pou lapè a. Nan menm kad sa, Katalin ak Zelensky vle travay ansanm pou pote èd ki nesesè bay tout timoun ki viktim nan gè a. Anplis, konpayèl yo pral travay ansanm pou ede resòtisan ongwa ki nan Subcarpatie yo.
Nap fè konnen Katalin Éva Novák pran tèt peyi Hongrie 10 mas 2022 apre li te fin pase plizyè pòs nan gouvènman peyi li, tankou Sekretè Leta pou lafanmi ak lajenès, Minis lafanmi, vis-prezidan gwoup politik « Inyon Sivik Ongwa » e menm depite. Jiris la fèt nan lane 1977, e li se gwo defansè kesyon jan. Katalin te fè kèk tan aletranje, kote li te travay nan peyi Etats-Unis, France ak Allemagne. Dayè, se an France li te rive etidye dwa kominotè, nan inivèsite Paris-X.
You may also like
-
Kerry Washington révèle avoir eu recours à un avortement sous une fausse identité pour protéger sa carrière
-
Violences faites aux femmes en France : le budget est nettement insuffisant
-
L’Ethiopienne Tigst Assefa remporte le marathon de Berlin et écrase le record du monde
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes