Direksyon asosiyasyon Méditerranée Plurielle òganize yon konferans dimanch 27 novanm 2022 a anba tèm « wòl politik fanm nan bay pepinyè demokrasi yo jarèt ». Konferans sila te reyalize nan vil Perpignan (France) gras ak eksperyans konferansye a, Hatem Ben Salem, ansyen minis edikasyon nan peyi Tunisie.
« Mwen prezante m nan mitan nou jodi a, se nan lide pou m debat yon sijè ki toujou parèt esansyèl pou mwen pandan tout lavi mwen. Pi gwo defi nou toujou kwaze nan jenès nou, se defi pou nou mete fanm yo nan mitan tout chwa estratejik yon Leta te ka genyen », se yon ekstrè nan pawòl Hatem Ben Salem, konferansye jounen sila.
Samia Selmani, fanm ki se fondatè ak prezidan Méditerranée Plurielle la, konkretize defi sa li te genyen pou l òganize konferans la jounen 27 novanm nan. Se toujou nan kad seri aktivite ki fè swit ak jounen mondyal kont vyolans sou fanm ki obsève chak 25 novanm nan.
Hatem Ben Salem, se yon konferansye entènasyonal, poutan li toujou mete li nan dimansyon tout moun, pou ede yo avanse. Se devan yon sal chaje ak moun li bay konferans sila, anplis, yon pakèt lòt moun te konekte sou entènèt la, a travè paj Facebook Méditerranée Plurielle, pou yo te rive jwenn moso nan konferans sila.
Reviv kalte konferans sila pandan w ap klike sou lyen sa :
https://www.facebook.com/mediterraneeplurielle/videos/822250745669967/?app=fbl
You may also like
-
All I want for christmas is you n’est plus numéro un du classement Billboard Hot 100
-
Taylor Swift, personnalité de l’année du magazine « Time »
-
La première femme nommée à la Cour suprême américaine est décédée
-
Sheynnis Palacios ne peut plus rentrer au Nicaragua
-
Gold Cup féminine 2024 : l’arbitre du match Haïti-Costa Rica fortement critiquée