google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
315060 0 1
© %author%

(FILES) Libya's Foreign Minister Najla al-Mangoush attends a meeting by Libya's neighbours as part of international efforts to reach a political settlement to the country's conflict, in the Algerian capital Algiers, on August 30, 2021. The leader of Libya's government said on August 27, 2023 that he had suspended his foreign minister after her Israeli counterpart announced he had held talks with her last week in Rome. (Photo by RYAD KRAMDI / AFP)

Libye : chèf diplomasi a, Najla Al-Mangoush, revoke apre li te fin rankontre omològ izrayelyen li a

Minis zafè etranje payi Libye a, Najla Al-Mangoush jwenn revokasyon li apre li te fin rankontre ak tokay izrayelyen li a nan vil Rome. Premye minis libyen an, Abdelhamid Dbeibah, revoke Najla nan sware 28 dawout 2023, akoz Najla konnen byen chita pale li fè ak chef diplomasi izrayelyen an pa matche ak lwa peyi Libye epi li fè li kanmenm.

N ap note, peyi Libye ap bay peyi Palestine gwo bourad nan konfli palestinyen yo ye anfas Israël. Se nan kontèks difisil sa chef diplomasi libyen an al chita pale ak chèf diplomasi izrayelyen an, sa ki parèt tankou yon kout pik nan kè peyi Palestine. Se pou sa menm, premye minis Libyen an deplase fizkman pou ale nan anbasad peyi Palestine, e se la li tou revoke chèf diplomasi li a epi pwofite eksprime soutyen li pou palestinyen yo.

« Pozisyon Najla Al-Mangoush la pa reprezante pozisyon gouvènman libyen an, li pa reprezante pozisyon pèp libyen an tou » selon premye minis Abdelhamid Dbeibah. Poutan, plizyè espesyalis k ap swiv politik la nan peyi Libye a kwè premye minis la te okouran epi aksepte chita pale a, sitou premye minis la te rive pran pouvwa a gras ak yon akò pou lapè kote se Nasyonzini menm ki te parenn. Sa ta vle di, gouvènman an ta itilize chèf diplomasi a kòm yon fizib.

Depi apre nouvèl sou rankont ant chèf diplomasi libyen ak izrayelyen an, nan dimanch, anpil mouvman leve kanpe fèt nan peyi Libye, e kay premye minis la te menm sibi atak. Gen gwoup jenn fanm ak jenn gason ki koupe wout yo, ki boule kawotchou e ki tanmen brandi drapo palestinyen toupatou. N ap raple, nan peyi Libye, tout moun ki ta gen relasyon ak Israël, ak resòtisan izrayelyen oubyen tout lòt enstans ki reprezante peyi a, lalwa ap pouswiv yo pou mete yo nan prizon pou yon tan ki estime ant 3 ak 10 lane, selon yon lwa k ap layite depi an 1957.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *