Alison Appleby, se non adolesan 17 lane sa ki ranpòte konkou Miss Dallas Teen 2022 a ki tap fèt mwa sa a. Li pa t menm jan ak tout lòt medam yo paske li soufri malkadi (Épilepsie) e li te toujou ak yon chen sou podyòm yo. Yon chen ki antrene pou ba li asistans si kriz la ta pran li sou sèn nan.
Konkou sa se yon konkou ki resevwa ti fi ki gen soti 14 pou rive 19 lane. Se premye fwa Alison patisipe ladan. Dayè se premye fwa li patisipe nan yon konkou bote, sitou akòz maladi li a, li plis jwenn dekourajman olye li jwenn ankourajman.
« Gras ak viktwa sa, mwen gen posibilite pou m di tout moun pa gen anyen yo paka fè, kèlkeswa obstak ki ta kanpe devan yo. Sitou obstak andikap ak maladi. Ou ka fè tout bagay, kèlkeswa etikèt yo met sou do w, menm si yo ta di ou pa ka fè l… », se deklarasyon Alison nan mikwo BFMTV.
N ap note òganizatè yo kouwone ni Alison ni Brady, chen li a. Se yon kouwónman senbolik pou Miss la ki di li te vin nan konkou a jis pou li anmize li epi reprezante lòt ti fi ki gen yon andikap tankou li yo.
You may also like
-
Violences faites aux femmes en France : le budget est nettement insuffisant
-
L’Ethiopienne Tigst Assefa remporte le marathon de Berlin et écrase le record du monde
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes
-
En cas de crise cardiaque en public, les femmes ont moins de chance d’être sauvées que les hommes