Mélanie Joly se Ministre des Affaires Étrangères nan peyi Canada. Nan jounen 20 oktòb 2022 a, li envite tout fanm minis parèy li pou yo mete ansanm epi kanpe kont peyi Iran ki pa respekte dwa moun, e sitou dwa fanm. Li gentan konvoke yon kenzèn fanm minis pou ede li atenn objektif li.
« Yon jèn… an reyalite, li pako menm jèn fi, rive mouri ansasinen akoz rejim nan. Non li se Asra Panahi. Li te gen 16 lane. Yo touye li paske li pa t vle chante im nasyonal Iran an nan lekòl li », se deklarasyon minis Joly prezante nan palman peyi Canada, nan okazyon yon pwenn près.
Pa gen lontan depi Mahsa Amini, yon jèn fi 22 lane mouri sou kabann lopital apre lapolis nan Iran fin arete li akoz li pa byen abiye. Se tout rezon sa yo ki pouse minis Joly pran randevou sa ak anpil fanm pou yon rankont vityèl sou sitiyasyon an.
Li jwenn kèk fanm minis nan peyi sa yo : Allemagne, Sénégal ak Chili. Gen kèk diplomat fanm ki soti nan 11 peyi diferan, ki vle, yo menm tou, rantre nan konba a.
Selon Human Rights, yon Organisation Non-Gouvernementale (ONG) ki nan peyi Norvège, represyon rejim nan lakòz 122 moun, pou pi piti, pèdi lavi yo. Amnistie Internationale li menm, fè konnen, pami viktim represyon Iran yo, gen 23 timoun ki gen soti 11 pou rive 17 lane.
You may also like
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes
-
En cas de crise cardiaque en public, les femmes ont moins de chance d’être sauvées que les hommes
-
Affaire du baiser forcé : des dirigeants de la fédération espagnole prêts à porter plainte contre les joueuses ?
-
FIFA The Best : des femmes sont aussi nominées