google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
634ff76c2e36d defrisage1 71337eeb60a37a69
© %author%

Pwodui pou fè cheve swa yo bay kansè kòl matris, selon yon etid

Etid sa pibliye semèn sa a. Se Journal of the National Cancer Institute ki pibliye li. Etid la di nou pwodui nou konn pase nan rasin cheve nou pou yo ka vin swa a, yo kapab koze kansè nan kòl iteris medam yo.

Jeneralman, se medam nwa ak cheve krepi yo ki itilize estil pwodui sa yo. Lè yo itiize li, gen kèk avantaj yo konn jwi, pa egzanp yo pèdi mwens tan nan demele cheve pou yo penyen. Men, pwodui sa yo gen danje ladan yo.

Si ou itilize pwodui sa yo kat (4) fwa nan yon lane, ou gen plis chans pou ou gen gwo pwoblèm lasante. Se 33 500 fanm ameriken ki te patisipe nan etid la ant lane 2003 ak 2009. Pami fanm sa yo, gen 378 ki vin fè kansè nan kòl matris yo. Fanm ki itilize pwodui pou yo fè cheve yo swa gen plis posibilite pou yo fè tip kansè sa. Si yon fanm pa konn pase pwodui sa yo, li gen 1,64% risk pou li fè kansè nan kòl matris li apre laj 70 lane, men si li konn itilize yo, risk la miltipliye : li vin elve a 4,05%. Menm si ou wè pousantaj yo piti, ou
dwe konnen fòm kansè nan matris la, se yon fòm kansè ki ra, selon Alexandra White, youn nan responsab rechèch la yo.

Pou moman n ap pale a, etid la pako di ki pwodui oubyen ki mak pwodui ki pi danjere. Men, se kèk sibstans chimik ki nan pwodui yo ki koz yo kanserijèn pou matris la : formaldéhyde, parabènes, bisphénol se kèk nan yo. Sibstans sa yo pètibe andokrin medam yo, ki se glann k ap sekrete òmòn yo, pandan kansè matris se yon maladi ki gen rapò ak òmòn.

Sou 66 000 fanm ki fè kansè matris Etazini, gen 12 500 ladan yo ki mouri. Anpil nan yo se fanm nwa. Menm jan ak anpil lòt tip kansè, pou yon moun rive geri lè li fè kansè nan matris, gen yon faktè kle kid we rantre nan jwèt la : se estad kansè a atenn nan devlopman li. Plis li nan yon estad avanse, plis l ap difisil pou fi a geri. Sa ki pi enpòtan, se fè depistaj pou tout fanm ak ti fi ki nan fè bagay, yon fason pou nou kontwole
flewo sa pi byen.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *