Pati ki sou pouvwa a, Òganizasyon Popilè pou Sidwès Afrik la, fenk deziye Netumbo Nandi-Ndaitwah kòm vis-prezidan pati a, sa ki mete fanm 70 lane a nan tèt lis pou ta ranplase aktyèl prezidan Hage Geingob nan eleksyon 2024 yo.
Pou li rive vis-prezidan pati a, li fè fas kare nan eleksyon ak Saara Kuugongelwa-Amadhila, aktyèl premye minis peyi a, epi Pohamba Shifeta, minis anviwònman ak touris peyi a. Jouk kounye a, pa gen moun ki pi byen plase pase Netumbo pou ranpòte eleksyon prezidansyèl 2024 yo.
Aprè ansyen minis zafè fanm nan fin genyen eleksyon yo kòm vis-prezidan pati li a, prezidan repiblik la, Hage Geingob an pèsòn, priye pati a pou li aksepte rezilta yo.
« Apèl mwen vle lanse nou kounye a, se pou nou pa fè koken anfas demokrasi. Si gen koken, n ap denonse sa, paske nou gen yon sistèm pou sa. Nou gen dirèktè biwo vòt ki byen fòme, nou gen bon ajan. Alòs, depi yon moun pase nan etap elesyon an, nou dwe aksepte li, menm si nou pa ta renmen li ».
N ap note, pati Òganizasyon Popilè pou Sidwès Afrik la nan tèt peyi Namibie depi endepandans peyi a an 1990. Se vre li se pi gwo pati nan peyi a, men nan dènye jou sa yo, popilarite li bese akòz yon koze chomaj ak yon koze kòripsyon ki te abouti ak arestasyon minis ak biznisman ki nan pati a.
Tout sa yo pa anpeche Nandi-Ndaitwah se moun ki nan pi bon pozisyon pou al dirije peyi a an 2024. Nandi-Ndaitwah te palmantè depi 1990, apre li sèvi nan plizyè pòs nan kabinè prezidan an ; minis relasyon entènasyonal ak kowoperasyon, minis anviwònman ak touris, vis-minis zafè etranje.
You may also like
-
Sheynnis Palacios ne peut plus rentrer au Nicaragua
-
Gold Cup féminine 2024 : l’arbitre du match Haïti-Costa Rica fortement critiquée
-
Le cancer de Shannen Doherty s’est propagé à ses os
-
« Je ne vais pas bien aujourd’hui », a confié Serena Williams
-
Jennifer Lopez annonce la sortie de son prochain album