Premye minis Jacinda Arden demisyone nan pòs li jodi jedi 19 janvye 2023 a, paske li estime li manke fòs pou li pase 4 lane anplis nan gouvènman an. Li pwofite anonse pati politik li a deja pare pou eleksyon ki pral fèt 14 oktòb 2023 yo.
Jacinda Ardern se premye minis peyi li depi 5 lane. Se nan yon gouvènman kowalisyon li te rive pran pòs sila an 2017, epi pati li a, Pati Travayè yo, te vin ranpòte eleksyon yo twa lane apre. Pandan manda li a, li fè fas ak kowonaviris, li fè fas ak yon eripsyon vòlkanik ki te lakoz lanmò plizyè konpatriyòt li, epi li te fè fas ak pi gwo atanta teyoris peyi li a konnen, kote 51 fidèl mizilman te mouri nan yon moske an 2019.
Jodi a, li di se tan pa li pou li kite pouvwa a. « mwen se yon moun. Nou fè tout sa nou ka fè osi lontan nou ka kontinye fè l, epi depi moman an rive, li rive. Se moman an ki rive la » selon premye minis 42 lane a ki di li manke enèji pou pase 4 lane anplis. Poutan, Jacinda ap kontinye jwe wòl depite li jis eleksyon oktòb 2023 yo rive.
Pandanstan, sondaj yo pa anfavè pati travayè yo, e anpil moun ta vle pran sa kòm youn nan rezon ki ta dèyè demisyon premye minis la. « Mwen pa demisyone paske m wè nou p ap ka genyen eleksyon yo, dayè mwen kwè nou kapab e n ap fè l. […] mwen demisyone paske yon pòs konsa gen anpil responsabilite dèyè li. Youn nan responsabilite yo, se konnen lè ou kabap ak lè ou pa kapab », selon Jacinda Ardern.
You may also like
-
Sheynnis Palacios ne peut plus rentrer au Nicaragua
-
Gold Cup féminine 2024 : l’arbitre du match Haïti-Costa Rica fortement critiquée
-
Le cancer de Shannen Doherty s’est propagé à ses os
-
« Je ne vais pas bien aujourd’hui », a confié Serena Williams
-
Jennifer Lopez annonce la sortie de son prochain album