google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
perus president boluarte names cabinet following castillo ouster
© %author%

Pérou : Nouvo prezidan Dina Boluarte fòme gouvènman li

Dina Boluarte fòme gouvènman li samdi 10 desanm 2022 a, apre li te fin ranplase Pedro Castillo, ki li menm te destitiye sou inisyativ palmantè yo. Nouvo gouvènman Dina Boluarte a gen 19 minis, pami yo 8 fanm.

Nouvo gouvènman sila fòme ak Pedro Angulo kòm premye minis, yon ansyen pwokirè ki, sitou, te konn goumen kont koripsyon. N ap note, lis manm gouvènman an pibliye kèk tan aprè prezidan asanble palmantè yo, José Williams, te fin egzòte Dina pou li fòme gouvènman li rapid vit pou rebay peyi a « konfyans » ak « trankilite ».

Yon nouvo gouvènman ki fòme nan yon kontèks kote anpil manifestan perivyen pran lari, bloke wout, pou revòlte apre destitisyon Pedro Castillo viktim nan. Anpil pwovens mobilize tou, paske Castillo se moun pwovens nan peyi li, Pérou. Anplis, Pedro Castillo se te enstititè lekòl nan pwovens li.

Dina Boluarte se te vis-prezidan Pedro Castillo. Se vre li te konte rete sou pouvwa a pou fè rès manda Pedro Castillo a, ki ap fini an jiyè 2026, men vag manifestasyon yo pouse li chanje lide.

« Mwen lanse yon apèl bay tout frè m ak sè m yo k ap manifeste nan lari a. Mwen mande yo rete poze. […] si sosyete a ak sitiyasyon an merite sa, n ap pwopoze pou gen eleksyon, n ap pwopoze sa nan rankont ak fòs demokratik palman an »

Pandan tan sa, Pedro Castillo nan detansyon pwovizwa, l ap tann desizyon lajistis, ki akize li kòm rebèl epi kòm moun ki trayi nasyon an. Akizasyon sa yo poze sou do li depi mèkredi 7 desanm 2022, dat kote li te tante kraze palman an pou li chanje konstitisyon an, paske palmantè yo toujou bloke li nan majorite desizyon li tanmen egzekite pou peyi a.

Pedro fèmen pwovizwaman nan yon kazèn polis. Se nan menm kazèn sa ansyen prezidan peyi Pérou, Alberto Fujimori (1990 – 2000), te pase 25 lane anprizone akòz krim kont limanite ak kòripsyon.

Pou defann ansyen enstititè a, Guidio Bellido, ansyen chèf kabinè li, ak Guillermo Olivera, youn nan avoka li yo, deklare se ta yon dwòg ki ta lakòz Castillo al pale devan televizyon, pou di l ap kraze palman an. Selon defansè yo, jouk jounen jodi a, Castillo pa sonje lè li te di koze konsa. Se pou sa, mesye yo mande pou lajistis fè yon tès toksikolojik pou ansyen prezidan an avan yo ta pase li nan founo lajistis.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *