Vis prezidan palman ewopeyen an nan prizon kounye a, apre lapolis nan peyi Belgique fin arete li dimanch 11 desanm 2022 a paske li gen soupson koripsyon ak blanchiman lajan sou do li nan yon dosye ki gen non peyi Qatar ladan l.
Pami sis (6) moun ki te arete nan dosye sila, gen kat (4) lajistis deside anprizone, e Eva Kaili se youn pami yo. Poutan, pakè nan kapital Belgique la pa t desite site non moun li mete nan prizon pwovizwaman yo, men li te pibliye chèf akizasyon yo nan yon kominike.
« Yo nan yon òganizasyon kriminèl k ap blanchi lajan, e k ap fè koripsyon » selon pakè federal la, nan kominike a.
Jeneralman, palmantè toujou genyen iminite, poutan nan ka Eva Kaili, iminite li a pa t kapab pwoteje li, paske se men nan sak lajistis bare li nan enfraksyon li komèt la ; yo kenbe li an flagran deli.
Se gwo koukouwouj ki te lanse nan dènye jou sa yo pou ankèt la avanse. Ankèt la tèlman rive rapid sou palmantè ewopeyen an, laprès peyi Belgique di yo te wè papa Eva Kaili k ap sove ak yon makout lajan
Dosye arestasyon palmantè grèk la gen non peyi Qatar ladan li. N ap raple, nan kòmansman mwa novanm 2022, Eva te ale nan peyi Qatar epi salye ak felisite minis travay la nan Qatar. « Qatar se yon mèt nan zafè dwa travay », se te pawòl Eva Kaili devan tribin palman ewopeyen an 22 novanm 2022.
Anpil palmantè ewopeyen parèy li di je yo louvri kounye a sou pozisyon favorab Eva te toujou montre pou Qatar.
Avan arestasyon Eva, nan samdi swa, prezidan palman ewopeyen an, Roberta Metsola, dechaje Eva Kaili de tout chaj li te delege pou l akonpli pou li antank vis-prezidan li nan palman an.
Akòz dosye sa, ak lòt kòz ankò, kèk depite sosyo-demokrat anonse yo p ap soutni peyi Qatar ankò nan negosyasyon pou liberalize viza katari yo sou teritwa ewopeyen an.
You may also like
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes
-
En cas de crise cardiaque en public, les femmes ont moins de chance d’être sauvées que les hommes
-
Affaire du baiser forcé : des dirigeants de la fédération espagnole prêts à porter plainte contre les joueuses ?
-
FIFA The Best : des femmes sont aussi nominées