Akshata Murty, madan nouvo premye minis britanik la, Rishi Sunak, pa oblije peye taks malgre li gen anpil lajan. Se paske li se etranje (endyen) ki fè li pa gen obligasyon pou li peye taks selon lwa Royaume-Uni yo.
« M ap peye taks paske mwen vle, men lalwa pa mande m sa », selon Akshata Murty.
« Madanm mwen fèt an Inde, e se la li grandi. Nou paka mande l pou li koupe lyen yo ak peyi li jis paske li marye avèk mwen », se konsa Rishi t ap plenyen epi denonse yon kanpay denigreman, selon li, pou sal imaj li ak imaj fanmi li.
Koup la te rankontre nan peyi États-Unis pandan yo t ap fè metriz nan disiplin « biznis » nan inivèsite Stanford (Californie). Se fanmi Murty ki te peye lekòl la pou li, pandan Rishi li menm, se yon bous li te jwenn.
A 42 lane sou tèt li, Akshata Murty gen anpil anpil lajan. Tout fòtin li depase yon milya dola. Sa vin fè Murty pi rich menm pase defen rèn Elisabeth, ki li menm te genyen anviwon 420 milyon ewo.
You may also like
-
La journaliste française Ariane Lavrilleux libérée après 48h de garde à vue
-
Journée internationale de l’égalité salariale, les sociétés peinent à assurer l’équité entre hommes et femmes
-
En cas de crise cardiaque en public, les femmes ont moins de chance d’être sauvées que les hommes
-
Affaire du baiser forcé : des dirigeants de la fédération espagnole prêts à porter plainte contre les joueuses ?
-
FIFA The Best : des femmes sont aussi nominées