google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
AP23046405320700
© %author%

Royaume-Uni : premye minis Écosse la, Nicola Sturgeon, prezante demisyon li

Premye minis Écosse la, Nicola Sturgeon demisyone nan pòs li mèkredi 15 fevriye 2023 a apre li te fin konsakre tout lavi li nan goumen pou peyi li kite Royaume-Uni epi vini endepandan nèt. Avoka pwogresis ak karismatik la pa rive atenn pi gwo objektif sa li te genyen an, men li fè anpil bon travay nan peyi li.

Nan ti diskou li t ap prezante pou li anonse demisyon li a, premye minis Nicola Sturgeon di peyi li a pi ekitab jodi a, kote politik yo pi jis lè li konpare jan sa te ye an 2014, lè li te fenk pran pouvwa a. Lòt bon bilan li genyen ankò, se jan li te byen kanpe anfas kriz COVID-19 la. Sou pwen endepandans Écosse la, premye minis la te depoze yon demann pou lakou siprèm britanik la, kote li te reklame òganizasyon yo dezyèm referandòm endepandans pou Écosse.

Yon lòt bò, premye minis la te resevwa anpil kritik, ki sòti e bò kote opozisyon an, e bò kote pwòp pati pa li a, akoz pozisyon li sou sijè moun transjan yo. Li te vle tabli yon lwa ki pou pèmèt moun chanje jan pi fasil. Opozan yo te agimante kont lwa a, paske selon yo, gen nonm vyolan ki ka fè tèt yo pase pou fanm, epi rantre nan espas ki rezève pou medam yo sèlman pou al agrese yo. Anfen, lwa a pa t abouti, paske gouvènman britanik la te kanpe anfas li.

Pou kounye a, Nicola Sturgeon vle rete nan pòs depite li te genyen tou a, men nou pako konnen egzakteman kiyès k ap ranplase li. Petèt se bra dwat li, John Swinney, ki se moun ki pi eksperimante nan pati yo a (Scottish national party). Antouka, se yon demisyon sibit Nicola prezante nan yon moman kote okenn moun pa t atann ak sa.

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *