google.com, pub-1819228502680581, DIRECT, f08c47fec0942fa0
IMG 20220802 WA0017
© %author%

Nathalie Charles Pierre ap prezante konkou « Miss Marie Louise Coidavid »

Nathalie Charles Pierre gen aktivite l nan zòn Fò Libète, kote l fèt epi grandi. Sila ki te nomine nan « Femmes Dofen », nan lane 2021 an pa chome. Nan ti bat bouch ak jounal la, jenn fanm sa ki kontinye milite nan plizyè oganizasyon nan lokalite l pezante plizyè lòt bèl projè tankou « Miss Marie Louise Coidavid » ki pran nesans nan lide pou vann patrimwann peyi a.

Dofen News: Eske w ka prezante tèt ou pou lektè nou yo ?

Nathalie Charles Pierre: Mwen se yon ansyen kandida pou meri Fò Libète. Mwen se antreprenèz nan divètisman. Mwen ap pouswiv etid nan syans enfimyè ak syans jiridik. Mwen se inisyatris konkou bote « Miss Marie Louise Coidavid ». Mwen ap kòdone plizyè oganizasyon nan nòdès.

D.N:Nou konnen ke w genyen plizyè chapo, aktyèlman sou ki projè Nathalie Charles Pierre ap travay kounya ?

N.C.P: Mwen ap travay aktyèlman sou konkou « Miss Marie Louise Coidavid », ki genyen yon pòte istorik nou dwe bay valè. Li ouvè lajman lan pou jèn fi nan laj 18 rive 26 lane. Yo dwe rive nan nivo reto pou bout nan inivèsite. Yon lòt bò, mwen ap travay sou yon mache byo. Nan kad projè agrikol sila, nou vle vann popilasyon ayisyenn nan produi san angrè chimik. Nou priorize konpòs. Mwen ap travay tou sou mete kanpe yon mache touris nan depatman an.

D.N: Kisa ki koz ou vini avek projè sila yo ?

N.C.P: Premye lide a se pou nou mete plis ekleraj sou kilti peyi nou, plis tout resous richès nou genyen. Non konkou bote sa jwenn orijin li nan non madan marye Wa Kristòf, « Marie Louise Coidavid ». Li konsène 4 depatman: Nò, Nòdès, Nòdwès, Plato santral. Lè nou sonje enpòtans istorik plizyè zònn nan lokalite sa yo genyen, li bon pou nou mete plis je sou yo. Ane prochènn, nou gen projè pou nou rann konpetisyon sila nasyonal.

Konsènan kilti marechè a, nou vle mete bout ak koze se Sendomeng ki la pou ban nou manje selman nan depatman an. Nou chita sou zonn frontyè, nou vle abitye moun yo plante pito ak konsome lokal. Mache touris la se pou kreyasyon anplwa. Nou gen 5 fò plis 4 zile nan rejyon an, touris lan lè l fin vizite kapab produi ki soti lakay nou.

D.N: Ki difikilte w kontre pou kounya nan planifikasyon konkou « Miss Marie Louise Coidavid » lan?

N.C.P: Nomalman nou ta dwe komanse ak konkou an men deplasman yo vreman difisil. Nou dwe lwe machin pou n rive sou sit yo, se la nou gen lide pase kandida yo odisyon. Nou poko jwenn lajan pou n ta komanse aktivite sa jan nou ta vle l la. Nou planifye 10 sware kote 10 finalis yo ap gen pou reprezante yon patrimwann. Sila ki va genyen an ap pote non rèn « Marie Louise Coidavid ». Ansanm espektak sa yo mande anpil depans men ratman finansman fè n gen difikilte pou ateri.

D.N: Kisa w atann nan kad projè sa ?

N.C.P: Se wè yon patenarya nan mitan 4 depatman sa yo. Pale plis de patrimwann yo. Gen touris pou vin vizite kote sa yo, yo pa p bezwen pase potoprens. Swa yo pran avyon pou desann nan ayewopò Kap ayisyen oubyen pa Sendomeng depi yo vle. N ap disponib pou akonpagne moun sa yo sou sit yo ak fò yo. Gen otèl tou ki la pou resevwa vizitè. Mwen atann ak yon elajisman touris lokal.

Shylene Prempin

ajax loader

Plus de publications

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *